Accessibility links

Breaking News

OEA Ekzòte Kongrè Ameriken an Bay Imigran Ilegal Ayisyen yo Statu Pwoteksyon Tanporè Ozetazini


Asistan sekretè jeneral òganizasyon Eta Ameriken yo, Albert Ramdin, pwononse l' anfavè pwopozisyon pou Lèzètazuni bay Ayisyen kap viv ilegalman sou tèritwa ameriken an statu pwoteksyon tanporè. Msye Ramdin ki tap pale pandan yon dine an lonè premye minis Grenad la, Tilman Thomas, di “moun pa kapab imajine--si yo pa wè ak je-yo--sa sa vle di viv nan vil Gonayiv kote pa genyen anyen ki rete eksepte lari ak kay chaje labou”, apre pasaj tanpèt twopikal ak ouragan ki ravaje site endepandans ayisyèn nan.

Anbasadè Ramdin ekzòte Kongrè ameriken an “suspann tanporèman depòtasyon imigran ayisyen ilegal yo”, jan prezidan René Préval te mande’l dènyèman la a.

Asistan sekretè jeneral òganizasyon Eta Ameriken yo di “Ayiti bezwen tout apui li kapab jwenn, paske, akote tout gwo defi nasyon sa a deja ap konfwonte, tankou ranfòse demokrasi, chomaj kap vale teren, estabilite politik, krim, trafik dwòg, kriz lavi chè ak kriz enèji, kounye a dezas natirèl e anviwonnmantal vinn konplike sitiasyon an pi plis toujou nan nasyon karibeyen an.

Msye Ramdin felisite Kongrè ameriken an deske li apwouve sa pa gen lontan plan èd 100 milyon dola pou ede Ayiti apre dezas natirèl ki frape repiblik ayisyèn nan, e’l ofri sipò òganizasyon li an pou ede peyi a nan mezi kapasite yo.

XS
SM
MD
LG