Chanm dè reprezantan Lèzétazuni an vote 263 vwa pou e 171 kont pou l' apwouve plan 700 milya dola gouvènman Bush la pwopoze pou sove sektè finansyè ameriken an kap fè fas ak gwo difikilte. Avan li te poze siyati l' anba dokiman an vandredi, prezidan Bush di gen moun ki te kòmanse kwè se yon defi gouvènman federal la pa ta pral kapab leve
/// AKT BUSH ///
Gen kèk moman nan semèn nan kote moun te panse gouvènman federal la pa ta pral kapab siye kajou sa a, sepandan grass ak gwo travay manm tou 2 pati yo nan chanm depute a, mete ak lespri kooperasyon ant kongrè a e ak administrasyon mwen an, nou rive finalize dokiman an nan lè nou te swete a.
TEXT: Lidè ameriken deklare se nan tèt ansanm, palmantè ameriken yo rive anpeche kriz la gaye toupatou Ozetazuni :
/// AKT BUSH ///
Pa lefèt ke nou pote kole pou’n pase lwa sa a, nou pran yon aksyon desizif pou anpeche kriz Wall Street la tounen yon kriz ki afekte tout komunote nan peyi nou an. Nou montre lemond antye ke Lèzétazuni pral stabilize mache finansye yo, e mentni yon wòl lidè nan ekonomi global la.
/// FEN AKT ///
Sepandan, prezidan Bush lanse avètisman pou l' di sa pral pran yon sèten tan anvan plan 700 milya dola a remete ekonomi amerikèn sou ray.
Fè yon klik sou tèt atik sa a pou nou koute reyaksyon mache d'labous yo apre nouvèl sa a.