Accessibility links

Breaking News

La Polòy pa Vle fè Bak Malgre Menas FIFA


Foutbòl/ Polòy

Premye Minis Polonè a kore Minis spò peyi a ki revoke federasyon an malgre menas FIFA fè pou l radye federasyon an--yon aksyon ki kapab afekte dewoulman an tandè m koup DEròp dè nasyon an ansanm ak Ukrè n an 2012.
Premye Minis la dakò federasyon football Polonè a pat byen jere korupsyon ki nan gen nan lig football la. Anons sa a fèt apre FIFA bay otorite yo juska Lendi kòm delè pou retounen ansyen manb federasyon an nan pòs yo sinon yo pap kapab patisipe nan match kalifikatif koup du mond le 11 ak 15 Oktòb.

Foutbòl / KONKAKAF

Nan chanpyona Lig Chanpyon KONKAKAF la Tauro FC Klub suprann Santos Laguna 2 a 0. Joe Publik rnpòte yn vitwa supriz devan Atlante 1 a 0 nan group D ak group C yè swa


Foutbòl an Sal


Nan koup du mond football an sal kap dewoule O Brezil. Brezil krabinen zile Salomon yo 21 a 0 nan koup du mond an sal pou mete l a 6 pwen nan group A a swa 3 pwen devan la Rusi ak Kuba. Kuba tonbe devan la Rusi 10 a 5. Itali mache sou Etazuni ak yon viktwa 6 a 1.

Foutbòl / Eròp

Milan AC ak Tottenham Hotspur kalifye pou faz group Unyon Football Eropeyen an. Milan AC ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan FC Zurich. Tottenham Hotspurs kalifye malgre li fè atch nul 1 a 1 ak Krakovie. Nan vil Moskou Spartak de Moskou fè match nul 1 a 1 ak Banik Ostrava.

Je Zolenpik / US

Komite Olenpik Ameriken an seleksyone Larry Probst kòm nouvo prezidan Komite Olenpik la pou yon manda kap dure 4 tran.
Misyon nouvo prezidan an se chache supò finansye pou òganizasyon ki pa resevwa lajan dirèk nan men otorite yo epi ede vil Chikago pou l jwen dwa pou l akeyi je zolenpik dété yo an 2016.

Je Zolenpik / Kanada

Jodi a komite òganizatè je zolenpik Dhivè Vancouver yo kòmanse vann tikè pou konpetisyon an kap dewoule an 2010. Tikè yo ap sou mache a juska 7 Novanm. Fanatik ki vle achete tikè pou asiste konpetisyon yo kapab fè l sou entènèt la, par telefò n ou byen par kourye. Komite a deside syèj yo apre 7 Novanm.

XS
SM
MD
LG