Accessibility links

Breaking News

Meda m Brezilyen yo nan Lig Football Ameriken an


Foutbòl /Etazini

Vedèt Football feminen Brezilyen yo ap vinn evolye nan lig footbal feminen ameriken an kap kòmanse an Avril 2009 dapre tiraj osò ki dewoule pou jwè entènasyonal yo. Marta pral jwe nan Los Anjeles, Daniela nan Saint Louis epi Cristiane prale nan Chikago.Formiga ap jwe pou San Francisco/Oakland.
An plis de vedèt brezilyen yo lig football feminen ameriken an ap gen ladann jwè ki soti nan Ostrali, Kanada, la Chin, Angletè, Frans, Island, Japon ak la Swèd.
Semen pase a responsab yo te distribyen 21 meyè jwè ameriken nan 7 klub ki pral fè pati nouvo lig football feminen an.


Foutbòl / FIFA/ Eròp


FIFA frape federasyon football Kwasi a prèske 28 mil dola apre yon fanatik te lanse kèk pawòl piman bouk kont yon jwè Angle pandan viktwa 4 a 1 Angle yo ranpòte devan seleksyon lokal la. Nan kòmansman ane a Unyon Eròp la te frape federasyon Kwat la yon amand prèske 18 mil dola akoz pwopo rasis fanatik yo te lanse kont seleksyon Turki a.

Nan match amikal entènasyonal Chili ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan Meksik gras ak yon otogòl Meksiken yo make kont pwòp tèt yo malgre tout efò gadyen an.

Responsab football Eropeyen yo lanse yon pinga bay prezidan FIFA Sepp Blatter kap ankouraje lide 6 plus 5 la( 6 jwè lokal ak 5 jwè etranje nan fòmasyon klub yo pandan yon match football yon fason pou ankouraje kwasans footbal lokal la.

Jan Figel deklare yon tèl pwojè pral an vyolasyon ak lwa Unyon Eròp la sou libète deplasman sou kontinan Eropeyen an. Msye di tribunal justis Eropeyen an ap pran mezu sevè kont tout peyi sou kontinan an ki ta adopte sistèm 6 +5 la.
Prezidan Sepp Blatter di football pa dwe trete menmjan ak yon endustri donk li kwè lwa Eropeyen an ta dwe fè eksepsyon. Selon Jan Figel palman Eropeyen an kapab abòde kesyon sou sistèm 6+ 5 la an 2012 lè yap evalye règleman sou kwasans jwè lokal yo.

Rafael van der Vaart make 3 gòl pou l pèmèt Real Madrid demantibile Sporting Gijon 7 a 1 nan chanpyona premyè divizyon Espayòl la.

Foutbòl / KONKAKAF


Nan Lig Chanpyon KONKAKAF la D-C United tonbe devan klub Honduryen CD Marathon 2 a 0. Pumas de Meksiko wouze klub Salvadoryen Luis Angel Firpo 3 a 0. Enpak de Montreal fè match nul 0 a 0 ak Atlante. Klub Trinidadyen Joe Publik tonbe sou pwòp terenn fas ak CD Olempia 3 a 1. Nan group D Unyon Football Karayib la St Kitts and Navis pilon-nen Zil Vyèj Britanik yo 4 a 0.

Atletisme

Responsab yo nan Federasyon Jymnastik Entènasyonal la elarji ankèt yap men-nen sou jimnaz chinwa yo ki sanble ta trafike laj yo non sèlman pou je zolenpik 2008 men tou depi nan Je Sidne yo an lan 2000. Dapre règleman yo atlèt yo dwe gen 16 pandan ane konpetisyon an ap dewoule men pawòl kap pale ta fè konnen atlèt chinwa yo sanble yo te gen 14 zan.

Tennis

Rus Maria Kirilenko ak Estonyen Kaia Kanepi kalifye pou kar de final tounwa tenis Oken Kore du Sud la kap dewoule nan Sewoul.

Numewo 5 tenis mondyal maskulen an espayòl David Ferrer elimine nan tounwa tenis Open Chinwa a. Ameriken Andy Roddick kalifye pou kar de final la apre li wouze ak kout rakèt konpatriòt li Brendan Evans 6-4, 6-3.

Siklisme

Siklis ameriken Lance Armstrong, ki te ranpòte kous bisiklèt Tour de Frans la 7 fwa afile, konfime lap soti nan retrèt li pou l chache yon 8 tièm tit. Armstrong anonse lap toujou kouri pou ekip Astana- Chanpyon an tit Tour de Frans la espayòl Contador ki tap kouri pou ekip Astana te deja fè konnen lap chache yon lòt ekip si se pa li menm kap numewo 1 ekip Siklis Astana a.

Natasyon

Fabrikan ekipman spòtif Nike anonse li pap konfeksyone vètman pou natasyon yon fason pou l fè konpetisyon ak lòt konpayi tankou Speedo-sepandan lap kontinye fabrike ekipman natasyon pou univèsitè yo ak kliyan tradisyonèl yo.

XS
SM
MD
LG