Accessibility links

Breaking News

Yon Mesaj Espesyal Prezidan Bush sou Kriz Ekonomik la - Reyaksyon Kongrè a


Prezidan George W. Bush mete mèkredi swa yon mesaj devan pèp ameriken an sou sitiyasyon ekonomik difisil Lèzetazini ap travèse jounen jodiya. Nan mesaj sa a, misye Bush lanse apèl bay lidè Kongrè a ak 2 kandida a la prezians yo (John McCain pou Pati Repibliken an, ak Barrack Obama pou Pati Demokrat la) pou yo travay ansanm ak administrasyon n nan pou yo jwenn yon solisyon pou kriz la. Se konsa, prezidan ameriken an envite tout pèsonalite sa yo (lidè Kongrè a plis 2 kandida yo) nan yon chita-tande nan La Mezon Blanch jodi Jedi a pou yon rankont-travay sou dosye sa a.

Yon lòt kote, kesyon ap poze pou mande ki konsekans kriz mache finansye ameriken an kapab genyen nan rès mond la, sitou sou mache peyi ki sou wout devlopman yo. Jean Pierre Leroy ak envite li, ekonomis Pierre-Marie Boisson, eseye pote kèk eleman repons.

Klike sou lyen anlè a pou devlopman gwo pwen sa yo k ap domine aktyalite a depi kèk jou deja.
XS
SM
MD
LG