Accessibility links

Breaking News

Tiraj Osò Koup Davis la Dewoule Jodi a


Tennis

Tenis pou kòmanse! Ekip Koup davis Etazuni ap kòmanse kanpay 2009-la lakay-li lè lap rankontre ak La suis---yon advèsè kap difisil si dirijan-yo chwazi , numewo 2 mondyal-la Roger Federer. Federer , 5 fwa chanpyon Wimbledon , 5 fwa chanpyon Us Open sot ede Lasuis elimine La Bèljik 4-1---sa ki pèmèt elvetik-yo rete nan gwoup elit mondyal-la ki gen ladann 16 nasyon.

Baskètbòl

Responsab yo nan Washington Wizards pwopoze antrenè Eddy Jordan yon lane opsyon kap kenbe l nan pòs-la pou sezon 2009-2010 . Jordan ede Wizards yo patisipe nan 4 faz final afile pandan 5 kan li pase ap dirije klub la. Nan premye ane l kòm antrenè Washington Wizards te fini sezon an ak yon palmarès 25 viktwa 57 defèt--4 pwochen ane a palmarès la te amelyore pou l pase a 171 viktwa 157 defèt.

Foutbòl / Koup du Mond

Komite òganizatè koup du mond-la prezante maskòt koup du mond 2010 la-ki se yon leopard ki rele Zakumi--ki senbolize pèp, jerografi ak espri Afrik du Sud. Zakumi siyifi Afrik du Sud 10( ane tounwa a).

FIFA anonse pa gen ensekurite ankò nan Jeòrji-donk match eliminasyon koup du mond la kapab dewoule nan peyi a. Jeòrji gen pou rankontre Chipr le 11 Oktòb epi Bulgari 4 jou apre. Jeòrji klase an dènye pozisyon nan gwoup 8 Eropeyen an.

Ekitasyon

Ekip Ekitasyon Etazuni pèdu 4 trièm plas li te okipenan Je zolenpik yo apre cheval la te teste pozitif pou uzaj felbinac ki entèdi nan spò.

XS
SM
MD
LG