Pandan semèn sa a, Ayiti resevwa vizit administratris USAID (Ajans Amerikèn pou Devlopman
Entènasyonal la), Henrietta Holsman Fore, ki t al Pòtoprens pou l demontre apui
Lèzetazini pou Ayiti apre pasaj plizyè gwo mote tan ki fè anpil viktim nan peyi
a. Madam Holsman Fore anonse Washington pral ajoute yon afè de 9 milyon dola
sou èd li ane sa a pou Ayiti kòm asistans ki lye dirèkteman ak dega dènye
siklòn yo. An plis administratris USAID a, anbasadè ayisyen an nan Washington,
Raymond Joseph, pale nou tou de kèk lòt aspè koutmen Lèzetazini ap bay Ayiti e de mouvman ki sou
pye nan dyaspora a pou ede viktim siklòn yo.
Lakwa Wouj Ayisyèn, ki mete ansanm ak patnè
li yo ann Ayiti e a letranje, kontinye fè efò pou ede viktim siklòn yo. Daprè
kontak VOA pran ak responsab enstitisyon an, èd rive kounyela a nan anpil zòn ki
te izole akoz wout ak pon ki kraze, oubyen akoz absans tout mwayen deplasman.
Direktè egzekitif Kwa Wouj la, Doktè Guiteau Jean-Pierre, di nou responsab yo
jwenn bon jan repons ak reyaksyon pozitif aprè apèl yo te lanse pou mande Ayisyen
patisipe nan yon kanpay nasyonal pou ede viktim yo. Daprè Doktè
Jean-Pierre, dyaspora a pa rete endiferan; pa egzanp, divès delegasyon
sòti tou patou o Zetazini pou pote apui bay mouvman asistans sa a.
Eske lòm ayisyen
patisipe nan degradasyon anviwonnman nan peyi li, ki fè l si fasil konsa pou
Ayiti viktim, pou gen gwo dega ak anpil viktim chak fwa move tan pase sou peyi a?
Doktè Guiteau Jean-Pierre ak ekolojis Philippe Léon –manm komite direktè Fondasyon Segen— reponn kesyon sa a. Misye
Léon di nou mouvman ekolojis tankou òganizasyon pa l la pa dekouraje, malgre
dega move tan yo koze divès kote ann Ayiti montre gen anpil gwo travay ki pou fèt toujou
pou chanje sitiyasyon an.
Klike sou lyen anlè a pou w tande devlopman nouvèl sa yo.