Accessibility links

Breaking News

USAID Ajoute 9 Milyon Dola Sou Asistans li Pou Ayiti Pou Ede Peyi Fè Fas ak Dega Siklòn yo.




Ann Ayiti, Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis rankontre yè Madi 16 septanm 2008 la, avèk yon komisyon Chanm Bas la pou yon chita-tande sou fason gouvènman an ap jere sitiyasyon malouk siklòn kreye nan peyi a. Daprè prezidan komisyon finans Lachanm nan, depite Marcel Lumeran, rankont la dewoule tou sou bidjè nasyonal peyi a.

Yon lòt kote, nan menm jounen madi a, direktris Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal (USAID), Henrietta Holsman Fore, te fè yon vizit kèk èdtan nan Pòtoprens kote li anonse ajans l ap dirije a ofri Ayiti yon prè dijans 9 milyon dola pou ede peyi a fè fas ak dega siklòn yo koze. Nan lajan sa a, 7 milyon pral sèvi pou pèmèt popilasyon an jwenn plis pwovizyon (manje, dlo potab, dra, elatriye) tandiske 2 milyon prale nan rekonstriksyon wout ak pon. Lajan sa a se yon diplis kap ajoute sou 24 milyon 300 mil dola USAID ofri Ayiti pou ane fiskal 2008 la.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo.


XS
SM
MD
LG