Accessibility links

Breaking News

Suspenn nan Eliminatwa Koup du Mond Football la


Foutbòl

Jodi a balon pral woule sou planèt la nan kad match kalifikatif koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Nan KONKAKAF la Ayiti ap akeyi Kosta Rika. Salvador ap fè yon kout pye lakay Surinam nan group C a. Meksik kont Kanada epi Honduras kont Jamayik nan group B a. Nan group A Kuba pral lakay Gwatemala epi Etazuni ap akeyi Trinidad and Tobago.

Guine ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Afrik du Sud nan kad yon match amikal ki jwe tou pre Pretoria. Sud Afriken yo kap òganize koup du mond 2010 la pèdu 5 rankont afile. Afrik du Sud elimine nan koup dAfrik dè Nasyon Angola 2010 la apre defèt 1 a 0 yo subi devan Nijerya Samdi pase.

Nan match kalifikatif koup du mond pou zòn Amerik du Sud la Paragwe kale Venezuela 2 a 0 pou l konsève klasman jeneral la.
Jodi a Brezil ak Arjantin espere ranpòte la viktwa pou redui distans ki separe yo ak lidè group la Paragwe ak 17 pwen. Brezil ap akeyi Bolivi epi Arjantin pral lakay Pewou. Lòt rankont kap jwe jodi a Chili ap akeyi Kolonbi epi Ekwatè ap fè yon kout pye lakay Urugwe.

Basketbòl

Responsab Philadelphia 76ers pwolonje pou kontra antrenè Maurice Cheeks kap kenbe l nan tèt ekip la jus pandan sezon 2009-2010 la. Philadelphia 76ers te elimine nan premye tou faz final NBA a sezon pase a.

Basketè ameriken Kobe Bryant kap jwe nan Los Anjeles Lakers pap fè operasyon li te gen pou l fè nan dwèt li ankò akoz lap pran twòp tan pou l geri. Selon doktè yo dwèt la kapab pran 12 semen pou l geri.


Cyclisme

Siklis ameriken Lance Armstrong ki ranpòte kous bisiklèt Tour de Frans la 7 fwa afile, konfime li pral dèyè yon 8 tièm tit Tour de Frans an 2009.

Tenis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Rafael Nadal ap nan tèt ekip koup Davis Espay la kap rankontre Etazuni nan semi final koup Davis la. Rankont la fikse pou 19 o 21 Septanb nan vil Madrid.

Atletisme

Kourè andikape Sud Afriken Oscar Pistorious ranpòte premye meday dò l nan je zolenpik pou Andikape yo kap dewoule nan vil Peken an Chin. Pistorious, ki pèdu 2 pye l ranpòte meday dò nan kous 100 mèt la ke li kouvri an 11 pwen 17-sekond devan ameriken Jerome Singleton ak Brian Frasure. Gen posibilite pou Pristorius ranpòte yon lòt meday nan kous 200 ak 400 mèt la.

Cyclisme

Siklis Britanik Mark Cavendish ranpòte 2 zièm etap kous bisiklèt Tour Missouri a. Cavendish nan tèt klasman jeneral la ak 12 sekond nan moman manke 5 etap pou konpetisyon an fini.

XS
SM
MD
LG