Accessibility links

Breaking News

233 Mò Se Bilan Ofisyèl Pwovizwa Viktim Hanna ak Ike Fè An'Ayiti


Kominote entènasyonal la, Lèzetazini an tèt, mobilize pou ede Ayiti fè fas ak dega siklòn ak tanpèt, Fay, Gustav, Hanna ak Ike kite nan peyi a. Washington debloke 100 mil dola assistans dijans pou ede sinistre ak viktim yo, mete sou 10 milyon dola èd Ajans Entènasyonal devlopman an, USAID, deja mete aladispozisyon repiblik karibeyen an.

Lèzetazini depeche tou bato USS Kearsarge--yon bato ekipe ak materyèl sekou, elikoptè e ak lopital pou charye e ede pran swen blese yo. Francesco Gossetti, reprezantan Unyon Ewopeyèn nan anonse Unyon an debloke 2 milyon Ewo anfavè viktim move tan yo. Men apre Gonaïves, siklòn Ike vin mete abse sou klou peyi Dayiti, kote li kraze yon pon nan vil Mirebalais e izole pi plis Gonaïves ak rès peyi a.

Ike pwovoke inondasyon nan vil Cabaret, 35 kilomèt alès vil Pòtoprens. 60 moun pou pipiti ta pèdi lavi yo apre dlo lavalas inonde vil la.

Pou yon panorama total sitiasyon an nan peyi Dayiti klike sou ralonj ki anlè atik sa a.

XS
SM
MD
LG