Foutbòl
Mèkredi kap vini la a pral yon jounen enpòtan pou peyi kap patisipe nan eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Ayiti ap akeyi Kosta Rika. Salvador ap fè yon kout pye lakay Surinam nan group C a. Meksik kont Kanada epi Honduras kont Jamayik nan group B a. Nan group A Kuba pral lakay Gwatemala epi Etazuni ap akeyi Trinidad and Tobago
Salvador danse sou Ayiti ak yon rakle 5 a 0 Samdi swa pandan ke Etazuni ranpòte yon viktwa tou mens nan La Havann Kuba fas a seleksyon lokal la 1 a 0. Honduras wouze Kanada 2 a 1. Meksik wouze Jamayik 3 a 0 epi Kosta Rika krabinen Surinam 7 a 0. epi Trinidad and Tobagao fè match nul 1 a 1 ak Gwatemala.
Chanpyon eliminatwa koup du mond la ap rapousib Mèkredi.
Otorite football yo an Itali enpoze plis sanksyon kont Napl pou l peye 10 mil dola amand an plis de entèdiksyon pou fanatik yo Nap yo pou yo pa vwayaje al patisipe nan okazyon rankont klub la ap jwe an deplasman.
Desizyon sa a pran apre fanatik yo te kraze brize nan yon tren ki tap soti Wòm pou ale nan Nap aloske yo pat menm gen tikè. Otorite yo estime dega yo a anviwon 730 mil dola
Seleksyon Brezil la wouze Chili 3 a 0 yè Dimanch la nan kad match kalifikatif koup du mond pou zòn Amerik du Sud la. Luis Fabiano make 2 gòl. Viktwa a pèmèt Brezil pataje 2 zièm plas la ak Arjantin ak 12 pwen apre 7 rankont.
Demen Madi a nan Asuncion Paragwe ki an premyè pozisyon ap akeyi Venezuela Brezil kont Bolivi nan Rio de Janeiro Mèkredi.
Tennis
Ameriken Serena Williams, ki sot kale an 2 manch Sèb Jelena Jankovic 6-4, 7-5 pou l ranpòte tounwa tenis US Open nan nan New York, klase numewo 1 mondyal devan SèbAna Ivanovic ki li menm klase 3 zièm dèyè Jelena Jankovic. Manmzèl nan bous li 1 milyon 500 mil dola pou viktwa epi nouvo numewo 1 mondyal.
Apre midi a Swis Roger Federer ap rankontre an final revelasyon tounwa a Britanik Andy Murray nan yon tantativ pou l ranpòte konpetisyon an yon 5 kièm ane afile. Dnèye fwa yon jwè te ranpòte US Open nan 5 fwa afile se te nan ane 20 yo ak jwè Bill Tilden
Football / Ameriken
New England Patriot ranpöte yon viktwa 17 a 10 kont Kansas City Chiefs nan kad match football zèpòl kare a ki jwe yè Dimanch la.