Accessibility links

Breaking News

FIFA gen pou  Vizite Afrik du Sud


Foutbòl

Prezidan FIFA a Sepp Blatter gen pou fè yon virewon 4 jou an Afrik du Sud kote li pral konstate pwogrè ki fèt nan konstruksyon enstalasyon spòtif yo. Toune sa a ap kòmanse 14 pou l fini 17 Septanb. Komite òganizatè a espere msye Blatter pral satisfè pwogrè yo fè nan konstruksyon an.

Responsab yo nan KONKAKAF la ranvwaye pou Samdi olye de Vandredi match kalifikatif group C koup Digicel la ki te dewoule nan zile Kayiman akoz move kondisyon tan an.
Si pa gen move tan Samdi Bermud ap rankontre Sen Martin epi Antigua e Barbuda kont Zile Kayiman yo.

Venkè group C a pral jwen Guyan ki ranpòte group B a, Antiy Neerlandèz venkè group A a ansanm ak Sen Kitts and Navis, Martinik ak 4 meyè 2 zièm yo pou 2 zièm round koup Digicel pou zòn Karayib la. Group sa a pral divize an 3 group kap gen nan tèt yo Gwadeloup, Kuba ak Trinidad and Tobago kap patisipe yon tounwa soti 11 Oktòb pou 9 Novanm.
2 premye nan chak group yo pral jwen chanpyon an tit la Haiti ak Jamayik nan yon round final kap kòmanse an Desanm. 4 premye yo ap reprezante rejyon Karayib la nan koup dò KONKAKAF la.

Nan Port of Spain Trinidad and Tobago pase la Guyan yon swif 3 a 0 nan okazyon yon match amikal ki jwe avan Trinidadyen yo akeyi Gwatemala nan kad match kalifikatif koup du mond Afrik du Sud 2010.


Seleksyon ameriken an gen pou mete tèt nan la Havan Kuba kote yo pral rankontre seleksyon lokal la. Ayiti gen pou ale nan Salvador pou rankontre seleksyon lokal la epi Meksik ap akeyi Jamayik toujou nan kad match kalifikatif koup du mond ki fikse pou Samdi.

DC United ranpòte 95 zièm edisyon koup US Open nan gras ak yon viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan klub 2 zièm divizyon Charleston Battery. Viktwa ki pèmèt DC United kalifye pou faz eliminatwa Lig chanpyon KONKAKAF la pou sezon 2009-2010

An palan de Lig chanpyon KONKAKAF la match retou ki jwe yè swa klub CD Maraton kale 2 a 1 AD Isidro. Cruz Azul pilon-nen Hankook Verdes 6 a 0. Porto Riko Islanders suprann Alajuelense 2 a 1.

Cyclisme

Siklis Italyen Paolo Bettini ranpòte 6 zièm etap kous bisiklèt Tour dEspay la pandan ke franse Sylvain Chavanel konsève tèt klasman jeneral la devan amerken Levi Leipheimer ak 10 sekond.

Siklis Finlandè Jussi Veikkanen ranpòte 6 zièm etap kous bisiklèt Tour Almay la men alman Linus Gerdemann konsève mayo jon lidè a.

Olenpik

Chanpyon olenpik natasyon ameriken Michael Phelps anonse entansyonn pou l ede vil Chikago akeyi je zolenpik yo an 2016.

Baskètbò
l

Nouvo non klub Seattle Supersonics rele kounye a Oklahoma Thunder e li transfere soti nan Seattle pou l ale nan Oklahoma.

Federasyon Baskètbòl entènasyonal la anonse Jonas Kazlauskas ap demisyone apre li te menen an demi final seleksyon basketball chinwa a pandan je zolenpik Peken yo. Kazlauskas poko retounen nan peyi l Lituani men otorite chinwa a yo fè konnen yap etudye dosye ansyen antrenè a avan yo pran desizyon disi yon lane.

2 manb ekip baskètbòl univèsite Kansas la Marion Chalmers ak Darrell Arthur ekspulse nan pwogram nouvo venu NBA a apre yo jwen yo an posesyon marijuana ak 2 meda m-ki se yon vyolasyon règleman yo. 2 jwè yo ap peye yon amand 20 mil dola yo chak.

Tennis

Chanjman nan tounwa asosyasyon tenis pwofesyonèl feminen pou sezon 2009 la sa vle di Serena ak Venus Williams kap resevwa yon suspansyon akoz yo pat patisipe nan tounwa tenis Kalifòni an. Dapre règleman yo medam dwe patisipe nan 10 tounwa tenis ki pa gran Shelem pou ane a. Responsab yo di tounwa tenis Peken, Madrid, Miami ak Indians Wells obligatwa. Si sè Williams yo deside kontinye boude tounwa Indian Wells yap resevwa yon suspansyon pou 2 premye konpetisyon sezon 2010 la. Suspansyon an pral afekte sè Williams yo nan klasman mondyal la ak tèt de seri nan yon seri de tounwa tenis

Espayòl Rafael Nadal danse sou ameriken Mardy Fish 3-6, 6-1, 6-4, 6-2 pou l rankontre nan semi final tounwa a kont Britanik Andy Murray ki wouze arjanten Juan Martin del Potro 7-6, 7-6, 4-6, 7-5 nan semi final la.

Bò kote meda m yo ameriken Serena Williams kale Venuz Williams 7-6, 7-6 pou l rankontre an semi final Rus Dinara Safina ki pat rankontre oken difikilte pou l kale Italyen Flavia Pennetta 6-2, 6-3.


XS
SM
MD
LG