Accessibility links

Breaking News

Siklòn Gustav Fòse Pati Repibliken an Chanje Pwogram Konvansyon an


Siklòn Gustav touche tè nan eta Lwizyàn, pi presizeman nan pati sidwès Nouvèl Orleyan, yon vil ki te sibi gwo inondasyon pandan pasaj siklòn Katrina, an 2005. Dapre sant ouragan Lèzétazini an, je ouragan an touche tè jodi lendi-a tou pre Cocodrie ki sou yon distans anviwon 110 kilomèt nan direksyon sidwès vil Nouvèl Oleyan.

Kaptènn meteo ameriken yo di siklòn Gustav pote van kap soufle a 175 kilomèt alè, e yo konsidere l' kòm yon ouragan kategori 2. Moun atann yo aske van yo febli ofiramezi Gustav ap vanse sou tè. Gustav deja lage anviwon yon demi-mèt lapli nan kèk zòn.

Responsab ameriken yo di yo prevwa inondasyon nan rejyon ki anba nivo lanmè a. Dapre nouvèl yo, yo anrejistre plizyè tònad nan zòn sa yo tou.

Siklòn Gustav afekte seryezman pwogram Konvansyon Nasyonal Pati Repibliken an, k'ap tanmen jodi lendi a nan vil St-Paul, nan eta Minnesota. Prezidan George W. Bush ak Vis-Prezidan Dick Cheney anile diskou yo te gen pou yo pwononse aswè a nan konvansyon an e pati a fè konnen olye li fete l'ap mobilize evènman sa a pou ede sila yo ki viktim nan move tan an.

Fè klik sou ralonj anlè atik la pou w tande yon repòtaj konplè, ak deklarasyon Senatè John McCain epi anvwaye espesyal VOA Henri Francisque.

XS
SM
MD
LG