Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Chanm Depite a Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye Michèle Pierre-Louis


Depite ayisyen yo vote anfavè deklarasyon politik jeneral premye minis ratifye Michèle Duvivier Pierre-Louis.

Apre yon sesyon marathon 9 vè 40 minit, palmantè yo apwouve enonse politik jeneral madan Pierre-Louis a avèk 70 vwa pou, 1 kontak 8 ki asteni yo.

Manm nouvo kabinè ministeryèl la ki te prezan nan asistans lan bat bravo e felisite madan Michèle Duvivier Pierre-Louis pou viktwa sa a li ranpòte nan chanm bas palman ayisyen an.

Kounye a, premye minis ratifye a dwe jwen apwobasyon Sena a, dènye etap pwosesus ratifikasyon manch long sa a anvan l' koumanse mete an'aplikasyon politik gouvènman li an antanke pemye minis total-kapital (effective, officielle).

Ayiti pa genyen yon chèf gouvèman fonksyonèl depi Gran Kò a te revoke premye minis Jacques Edouard Alexis nan mwa avril 2008 la apre yon seri manifestasyon kont lavichè ki te pran lavi omwen 6 moun, pami yo yon sòlda mentyen lapè Minustah (Misyon Nasyonzini Stabilizasyon Ayiti).

XS
SM
MD
LG