Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Senatè Lespwa Di Nouvo Kabinè a Pare



Premye Minis ratifye peyi d Ayiti a, Michèle D. Pierre-Louis, fin pare lis manm Kabinè Minis li yo, apre yon antant li rive jwenn ak Prezidan René Préval, blòk palmantè yo, ak pati politik yo.

Non sèlman nan Sena a, men tou nan Chanm Bas la, kote sanble gen yon antant ak gwoup majoritè a, CPP (Konsètasyon Palmantè Pwogresis).

Senatè Jean-Hector Anacacis di se posib pou ta gen yon anons ofisyèl aswè a menm.

Fè klik sou ralonj ki anlè foto Madam Pierre-Louis a pou w ka koute Senatè a.

XS
SM
MD
LG