Chèf sivil Misyon Nasyonzini pou Stabilize Ayiti a (MINUSTAH), Tinizyen Heidi Anabi, salye desizyon kèk pati politik pran pou mande reprezantan yo nan Palman an vote an favè politik jeneral Premye Minis ratifye Michèle Duvivier Pierre-Louis. Nan yon mesaj responsab la li bay jounalis yo li fè konnen absans yon gouvènman lejitim nan peyi a depi 12 avril pase a afekte fonsyonnman enstitisyon yo.
Premye Minis ratifye a poko kapab prezante politik jeneral li devan 2 chanm yo akoz group Konsètasyon Palmantè Pwogresis yo, ki kontwole Chanm Depite a, mande pou li resevwa yon kopi dokiman an avèk lis konplè manm Kabinè Ministeryèl pwochen gouvènman an.
Pati Fizyon Sosyo Demokrat yo, Pati Latibonit an Aksyon (LAA) ak Òganizasyon Pèp kap Lite (OPL) te anonse retrè yo nan negosyasyon yo t'ap fè ak pouvwa ekzekitif la, sepandan yo deklare reprezantan yo nan Palman an ta dwe vote anfavè Deklarasyon Politik Jeneral nouvo Premye Minis la.
Yon lòt kote, gen manm Palman an ki gen kè-sote akòz konsekans kriz politik la ka genyen sou ekonomi peyi a, sitou nan moman lekòl ap pare pou re-louvri nan mwa septanm nan.
Si ou vle koute repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè atik la.