Otorite ki responsab pwoteksyon sivil nan peyi d Ayiti fè konnen ofisyèlman yo anrejistre, jiskaprezan, 7 mò ak 2 disparèt apre pasaj Tanpèt Twopikal Fay nan fen semèn nan.
Alta Jean-Baptiste, ki Direktris Biwo Pwoteksyon Sivil la, deklare te gen bon jan avètisman pou rejyon sid la, kote yo anrejistre pifò viktim yo, e sa fè lapenn pou yo wè dega ki fèt malgre tou.
Responsab la presize se senpman yon bilan pwovizwa.
Tanpèt Fay fè plizyè mò tou nan Repiblik Dominikèn anvan li te mete tèt pou peyi Kiba.
Kaptenn meteo Ozetazini, nan Sant Nasyonal Ouragan an, fè konnen sistèm nan ta dwe pran fòs anvan li touche tè nan eta Florid, ant lendi swa ak madi maten. Gouvènè Florid la, Charlie Crist, pran devan e li mande pou gen yon deklarasyon "état d'urgence". Epitou, Florid mande tout moun nan pwend sid eta a, bò Key West, pou yo abandone zòn nan.
Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w tande yon repòtaj Rotchild François, Jr.