Foutbòl / Etazuni
Chanjman nan Los Anjeles Galaksi yè Lendi a. Antrenè Olandè Ruud Gullit demisyone pou rezon pèsonèl epi prezidan klub la Alexis Lalas revoke. Responsab klub la di yo pral fè plis chanjman nan mitan òganizasyon an nan moman Galaksi klase 4 trièm nan konferans de Lwès la ak 23 pwen. An atandan yon ranplasan responsab yo non-men Cobi Jones kòm antrenè pwovizwa.
Aswè a isit Washington DC United ap akeyi New England Revolution nan semi final koup US Open ameriken an. Venkè rankont ap rankontre venkè lòt semi final la kap mete bab pou bab Seattle Sounders ak Charleston Battery.
Foutbòl / Espay
Foutbolè Brezilyen Robinho fè konnen li kapab kontinye woule balon nan Real Madrid si ekip la aksepte double salè l pou l mete l a 5 milyon Ero chak ane olye de 2 milyon 100 mil Euro lap touche kounye a. Dapre nouvèl yo Robinho sanble li ta rejte yon òf 37 milyon edmi dola klub angle Chelsea ta fè l.
Olenpik / Foutbòl
Football feminen Japon suprann Norvèj 5 a 1. Brezil fè yon sèl bouche ak Nijerya 3 a 1 pandan ke Etazuni danse sou Nouvèl Zeland 4 a 0. Almay ranpòte yon viktwa tou mens devan Kore du Nò. Brezil ak Nòvèj fini nan tèt group la ak 7 pwen men Brezil fini an premyè pozisyon gras ak gòl diferans.
Nan kar de final Brezil ap rankontre la Nòvèj Vandredi epi la Swèd kont Almay. Lòt kar de final la la Chin kont Japon, Etazuni kont Kanada
Atletis
Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la retire rekò du mond 4 par 400 mèt Etazuni te bat an 1998 apre youn pami manb ekip ameriken an Antonio Pettigrew rekonèt li te konsome dròg.
Tenis
Numewo 2 tenis mondyal la espayòl Rafael Nadal kale Ostralyen Lleyton Hewitt 6-1, 6-2 pou l pase nan pwochen tou a. Sèb Jelena Jankovic wouze Ukrenyèn Alona Bondarenko ak kout rakèt 7-5, 6-1 pou l pase nan pwochen tounwa a.
Ameriken Venus ak Serena Williams kalifye pou pwochen tou tounwa tenis je Zolenpik yo.
Chanpyon Olenpik maraton feminen an Japonèz Muzuki Noguchi pap patisipe nan maraton ane sa a akoz yon blesu nan pye goch.
Boksè Britanik ak Ukrenyen akuze juj yo ke yap favorize boksè chinwa yo-kritik sa yo fèt 1 boksè nan chak peyi sa yo pèdu devan boksè chinwa. Yon pòt pawòl Asosyasyon Box Amatè Entènasyonal la konfime yo resevwa yon nòt pwotestasyon. Pòt pawòl la di yo rejte pwotestasyon an apre yo finn revize l.
Olenpik / Volebòl
Seleksyon volebòl maskulen Etazuni kale Itali malgre difikilte yo te genyen pandan 2 premye manch yo. La Rusi kale Almay an 5 manch epi Polòy danse sou Ejipt 3 manch a 0.
Najè ameriken yo domine konpetisyon natasyon ak Michael Phelps ki kolekte 3 zièm meday an ò nan konkèt pou l ranpòte 8 meday dò pandan je zolenpik Peken 2008 yo. Phelps bat yon rekò nan kous 200 mèt naj lib la-pou l fè pati elit atlèt ki ranpòte yon total 9 meday dò olenpik nan karyè yo. Yon lòt ameriken Nathalie Coughlin ranpòte kous 100 mèt naj la planch la. Ostralyèn Leisel ranpòte kous 100 naj bras la. La chin ajoute meday dò nan jimnastik maskulen ak konpetisyon senkrinoze 10 mèt la. Juska prezan chinwa yo ranpòte meday nan plonje.
Nan tablo meday Etazuni ranmase plis meday swa yon total 22 meday pami yo 7 an ò. La Chin klase 2 zièm ak 20 meday pami yo 13 an ò. Kore du Sud klase 3 zièm ak 12 meday, Ostrali trouve l an 4 trièm pozisyon ak 10 meday epi Itali 5 kièm ak 9 meday san bliye la Rusi gen 9 meday tou. Nan Karayib la Kuba gen 2 meday-barjan ak bronz e yo klase an 22 zièm pozisyon.