Accessibility links

Breaking News

Mwenske Mwatye Adult Ant 18 ak 64 tran Ozetazini Teste Pozitif Pou Virus VIH la


Dapre yon rapò gouvènman ameriken an mwenske mwatye nan adult ant 18 ak 64 tran kap viv Ozetazini teste pozitif pou virus VIH ki bay maladi Sida a.

Rapò Sant Pou Kontwòl Maladi ak Prevansyon (CDC) pibliye jedi 7 out la di, an 2006, se sèl 40 pousan nan adult yo ki te fè tès depistaj pou virus VIH la.

Dokiman an repete yon rekòmandasyon ki mande pou doktè yo fè tès tanzantan sou tout pasyan ki genyen ant 13 ak 64 tran pou detekte si yo pa enfekte ak VIH

Rapò a siyale tou ke se pa tout plan asirans-sante ki peye pou tès VIH...e sèten Eta ekzije ke anvan pou moun fè tè sa a yo dwe wè ak kèk espesyalis pou konseye yo--yon ekzijans ki difisil pou aplike nan yon klinik ki chaje aktivite.

Piblikasyon rapò a tonbe nan moman yon Konferans Nasyonzini sou Sida ap dewoule nan vil Meksiko, kapital Meksik. Anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl la, Marie-Luce Pierre, pale ak nouvo prezidan-elu Sosyete Entènasyonal Sida a, Doktè Julio Montaner. Msye Montaner mande gouvènman yo ogmante 100 pousan pwogram terapi, edikasyon ak prevansyon pou ede kontwole pwopagasyon virus VIH la, paske pwogram sa yo bay rezilta.

Ale sou ralonj ki anlè atik sa a pou koute repòtaj Marie-Luce Pierre sou tèm sa a

XS
SM
MD
LG