Accessibility links

Breaking News

Konferans Mondyal Sida a Boukle Katriyèm Jounen li nan Mexico


Espesyalis lasante kap patisipe nan disetyèm konferans Nasyonzini sou SIDA a, nan Meksik, fè konnen ekspè kap fè rechèch sou vaksen dwe konsantre efò yo sou travay ki bay rezulta epi abandone rechèch ki pa ofri okenn pwomès pou moun kap viv ak virus la. Dr Seth Berkley, responsab Inisyativ Intenasyonal Vaksen SIDA, (LAVI) ki fè pwopozisyon an, deklare sa ka pran anpil tan avan yo mete opwen yon vaksen anti SIDA, kontrèman a sa yo te panse anvan. Doktè a di chèchè yo gen konfyans lasyans ap finn pa triyonfe. Men doktè Berkley ajoute ke l' espere chèche yo pa pra l' tann plizyè dizèn lane pou yo devlope yon vaksen. Dr Wayne Koff, bò kote pa l', deklare eksperyans syantifik ki fèt sou lòm ak animal lese kwè devlopman yon vaksen anti SIDA posib.

Marie-Luce Pierre, anvwaye espesyalis Sèvis Kreyòl Lavwad'lamerik nan Konferans l'Onu-Sida a nan Mexico, pale ak doktè Nirva Duval, manm delegasyon ayisyèn nan. Doktè Duval ap di li ki sa delegasyon ayisyèn nan tire nan rasanbleman an juskaprezan e kouman li konte pataje konesans li ranmase laba a lè li retounen nan peyi Dayiti.

Klike sou ralonj ki anlè atik sa a pou devlopman nouvèl sou konferans Mexico a e sou pwen kap fè aktyalite a nan peyi Dayiti, anpatikilye sou difikilte ki sanble kanpe sou chimen premye minis ratifye a, Michèle Duvivier Pierre-Louis.



XS
SM
MD
LG