Inyon Ewopeyèn nan anonse li pral founi peyi Dayiti anviwon 5 milion dola asistans pou ede responsab yo fè fas ak gwo ogmantasyon pri manje yo e pèmèt plizyè milyon ayisyen benefisye asistans alimantè. John Clancy, yon responsab Inyon Ewopeyèn nan (ki reyini 27 nasion kounye a) fè anons pwogram asistans la madi 5 out 2008 la pandan yon konferans pou laprès nan vil Brusèl, an Beljik. Li fè konnen lajan sa a pral pèmèt responsab ayisyen yo amelyore mwayen pou populasyon an jwenn manje, bon dlo pwòp e peye swen sante pou anviwon yon milyon 500 mil ayisien.
Mesye Clancy, pòtpawòl Commission Européenne, ki se branch egzekitif Inyon an, di 3 milyon dola nan lajan sa a pral sèvi pou fè fas ak pwoblèm ekonomik
e sosyal ki toujou poze nan peyi a, sitou pou kouch defavorize yo. Li siyale pi
lwen ke lajan Inyon an ap bay Ayiti a se yon diplis sou lòt
asistans komunote entènasyonal la ofri repiblik karibeyen an. Pa egzanp, yè lendi a, Òganizasyon Pou Alimantasyon Ak Agrikilti a, FAO, te
fè konnen li pral distribye semans ak zouti bay plizyè milye moun kap
travay tè an'Ayiti.
Bi inisyativ sa a se ede kiltivatè yo fè fas ak gwo ogmantasion pri
manje, gazolinn ak pri angrè sou mache entènasyonal e lokal la.