Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Nouvo Premye Minis la Bay Premye Konferans-de-Près li


Premye Minis ratifye a, Michèle D. Pierre-Louis, bay premye konferans-de-près li jodi a nan Pòtoprens, kote li reponn plizyè kesyon sou jan li ta renmen mennen bak peyi a. Madam Pierre-Louis te tou pwofite repete demanti kategorik li lanse kont akizasyon ki fèt sou moralite li.

Pandansetan, pati politik ki reprezante nan Palman an di y'ap tann yon okazyon pou yo chita ankò ak Premye Minis la, apre rankont ki te fèt yè nan Palè Nasyonal an prezans Chèf Leta a, René Péval. Koute repòtaj nou sou dosye politik Ayiti a. Fè klik sou ralonj anlè atik la.

XS
SM
MD
LG