Accessibility links

Breaking News

17èm Konferans Entènasyonal SIDA a Tanmen Nan Mexico


Plizyè milye delege, ekspè lasante, jounalis rasanble nan vil Mexico, kapital peyi Meksik, pou 17èm konferans entènasyonal SIDA a.

Anvwaye spesyal Sèvis Kreyòl VOA a, Marie-Luce Pierre, di nou patisipan yo pral pase rès semèn nan ap santre atansyon yo sou jefò ki dwe fèt pou ogmante prevansyon, bay plis tretman, e ofri sipò nesesè pou sila yo k'ap viv ak virus VIH la oubyen ak maladi SIDA a menm.

Koute repòtaj Marie-Luce sou ouvèti konferans la nan chak edisyon nouvèl Lavwadlamerik epi voye kourye elektwonik pou pataje reyaksyon ou ak Marie-Luce.

Si ou ta renmen tande tout repòtaj nou prezante depi Mexico sou konferans entènasyonal SIDA a, Fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG