Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sena:Statu Quo Nan Pwosesus Ratifikasyon Premye Minis Deziye Michèle D. Pierre-Louis


Rapò Komisyon Ratifikasyon Sena ayisyen an pare, men Komisyon an poko deside pibliye li an'atandan premye minis deziye Michèle Duvivier Pierre-Louis bay Gwoup Dis la garanti lap envite pati politik yo nan gouvènman li va mete sou pye apre ratifikasyon li ak ratifikasyon "Deklarasyon Politik Jeneral" li nan de chanm Asanble Nasyonal la.

Sepandan pozisyon Gwoup Dis la--yon gwoup ki fòme sa pa gen lontan nan Chanm Wot la, men ki gen nèf manm kounye a--antre kareman an konfli ak gwoup majoritè nan Chanm Depite a, an palan de CPP, li-menm ki kont prezans tout pati politik nan pwochen administrasyon an.

De pozisyon sa yo, ki pa danse-kole ditou, kapab nui chans premye minis deziye a ki pa genyen anpil opsyon nan men li paske si l' satisfè youn Gwoup li ka pèdi apui lòt la e pedi nan menm moman tout chans pou l' bay Ayiti yon nouvo gouvènman apeprè twa mwa apre Sena a te kapote premye minis Jacques Edouard Alexis apre yon seri manifestasyon kont grangou ak lavi chè.

Anfas situasyon sa a, Lavwad'lamerik mande youn nan aktè yo ak yon konstitisyonalis -respektivman, Kelly Bastien ak madan Mirlande H. Manigat, di sa k' ka rive si youn nan de chanm Asanble Nasyonal ayisyen an ta ratifye premye minis deziye a e ke yon lòt ta ba li yon move kanè pou deklarasyon poilitik jeneral li. Koute repons yo avèk yon klik sou ralonj ki anlè tèks sa a.

NDLR. Mme. Mirlande H. Manigat pibliye plizyè liv:Plaidoyer Pour Une Nouvelle Constitition, Traité De Droit Constitutionnelle Haïtien (2000), Etre Femme En Haïti Hier et aujourd'hui:le regard des lois et de la société (2002) ak Manuel De Droit Constitutionnel (2004).


XS
SM
MD
LG