Siklisme
Siklis espayòl Carlos Sastre ranpòte 17 tièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la an mè m tan li pran tèt klasman jeneral la ak plis pase yon minit devan ansyen lidè a.
Football
Prezidan FIFA a Sepp Blatter fè konnen kèk klub Eropeyen pa vle mache selon espri je zolenpik yo lè yo deside libere jwè pou reprezante peyi yo nan je zolenpik yo.
Nan yon lèt tou louvri FIFA voye bay 205 federasyon manb òganizasyon football entènasyonal la, Blatter di li te toujou yon obligasyon pou klub yo libere jwè ki gen mwen de 23 zan yo pou patisipe nan je zolenpik yo. Msye Blatter di menm prensip la ta dwe aplike ane sa a.
Klub Alman Werder de Brèm ak Shalke 04 kanpe tenn fas pou anpeche vedèt ekip la Rafinha ak Diego reprezante Brezil pandan dewoulman konpetisyon an.
Federasyon football Alman an ak Asosyasyon klub Eropeyen an dakò ak desizyon klub yo pran pou pa libere footballè yo. Klub yo sèmante yo prale nan Tribunal Abitraj Spòtif pou anpeche liberasyon footballè yo.
Basketball
Josh Childress ki te konn jwe nan Atlanta Hawks siyen yon kontra 3 zan ak klub basketball Grèk Olenpyakos. Dapre nouvèl yo kontra a vo plis pase 20 milyon dola pi gwo lajan yon klub Eropeyen peye yon basketè.
Atletisme
Responsab federasyon atletis ameriken Douglas Logan mande prezidan Bush pou l rejte demand ansyen rèn atletis ameriken Marion Jones fè pou l padone l epi libere l nan prizon. Nan yon lèt tou louvri, responsab fè konnen s, se yon chòk lè l tande non Jones figure pami plizyè santèn prizonye ki fè demand la. Jones kondane pou l pase 6 mwa prizon akoz li te bay manti nan eskandal dròg ki te ede l ranpòte 5 meday nan je zolenpik Sidne 2000-yo , epi li te enplike nan yon eskandal fo chèk.
Jones gen pou l fè 400 hèd-tan sèvis komunotè chak ane pandan 2 zan apre li soti nan prizon.
Je Zolenpik
Chanpyon Olenpik triple so Swedwa ap rate je zolenpik Peken 2008 yo akoz yon dechirur.