Accessibility links

Breaking News

Barack Obama Pran Angajman Pou Li Enplike Tousuit Nan Dosye MwayennOryan an Si Li Vin Prezidan


Kandida demokrat pou prezidans Etazini an chante lwanj peyi izrayèl kòm sa li rele “yon mirak ki fleri” nan Mwayenn Oryan-an. Barack Obama pale konsa pandan yon rankont ak kèk gwo dirijan izrayelyen jodi mèkredi a, pami yo te gen minis defans la Ehud Barak ak lidè opozisyon an Benjamin Netanyahu. Rankont la dewoule nan Jerizalem. Dapre responsab yo, konvèsasyon yo te chita sou efò lapè a ak sekirite rejyonal, san bliye dosye nikleyè Iran an. Barak Obama rankontre tou ak Prezidan izrayelyen an, Shimon Péres, e li depoze yon jèb flè nan Yad Vashem, ki se yon memoryal pou Olokòs la.

Kandida demokrat la vizite tou vil Sderot, ki reprezante yon sib pou atak ak wokèt palestinyen yo, epi li ale nan Ramallah, nan Sisjòdani, pou li te pale ak Prezidan palestinyen an Mahmoud Abbas, yon bagay kandida repibliken an John McCain pat fè pandan vizit li a nan mwa masla. Nan aswè, Barack Obama soupe ak Premye Minis izrayelen an, Ehud Olmert. Nan deklarasyon msye Obama fè bay laprès li pran angajman pou li enplike tousuit nan efò lapè a, si li ta eli Prezidan Etazini nan mwa novanm 2008 la.

Senatè Illinois la, ki gen yon senatè repibliken (Chuck Hagel) ak yon senatè demokrat (Jack Reed) akonpaye li nan virewon entènasyonal sa a, deja vizite Kowet, Aghanistan, Irak ak Jòdani. Pwochen etap li se Lewòp, pi presizeman Lalmay, Lafrans ak Lagrand Bretay. Demen jedi a l'ap nan peyi Almay.

XS
SM
MD
LG