Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Kapab pa Padone Marion Jones


Atletisme

Nouvo responsab federasyon atletis ameriken Douglas Logan voye yon lèt tout louvri bay prezidan Bush pou l mande rejte demand ansyen atlèt ameriken Marion Jones ki nan prizon, fè pou l padone l.
An plis de 6 mwa prizon an Marion Jones gen pou l founi 400 hè-d-tan chak ane pandan 2 zan apre li finn libere.

Ansyen rè n atletis ameriken te figure sou yon lis prizyonye ki mande prezidan Bush pou padone l apre yon tribunal te jwen li koupab nan bay fo chèk epi bay otorite la justis yo manti nan eskandal dròg ki te ede l ranpòte 5 meday( 3 an ò ak 2 bronz) nan je zolenpik Sidne yo an 2000. Dapre nouvèl yo ansyen rè n atletis ameriken te fè demand la depi 5 Mas swa 5 jou apre li te kòmanse yon pè n 6 mwa prizon.

Football

Klub football espayòl Real Madrid mande federasyon football brezilyen an pou l pa enklu Robinho nan seleksyon ki pral patisipe nan je zolenpik yo akoz yon dechirur entè n. Doktè yo rekòmande Robinho rete nan klub la pou l swiv tretman avan ouvètu sezon football espayòl la. Robinho fè konnen li regrèt anpil li pap patisipe nan je zolenpik yo men li respekte desizyon responsab yo.

DC United ap rankontre Houston Dinamo jodi a nan kad yon rankont da m la pli te ranvwaye. Rankont sa a ap dewoule avan match tout vedèt Lig Football ameriken ak jwe kont klub Londonyen West Hamm Jedi pwochen nan Toronto O Kanada. Pa gen oken jwè DC United ki fè pati seleksyon tout vedèt la.


Cyclisme

Siklis Franse Cyril Dessel ranpòte 16 zièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la jodi a sepandan Luksanbourjwa Frank Schelck toujou nan tèt klasman jeneral la.

Tennis

Yon avoka federasyon tenis Alman an fè konnen Asosyasyon Tenis Pwofesyonèl la vyole règleman yo nan fason li reòganize tounwa a kap diminye statu tounwa tenis Hambourg la. Dapre plan an, kap antre an aplikasyon ane pwochèn, tounwa Hambourg ap dewoule an Juyè o lye de mwa Me--yon desizyon kap elimine tounwa a kòm youn pami 3 tounwa avan debut Roland Garos la.

Ongwa Melinda Szink suprann franse Virginie Razzano ak yon viktwa 6-3, 6-3 pou l pase 2 zièm tou tounwa tenis East West Bank Klasik kap dewoule nan Carson an Kalifòni.

Franse Richard Gasque kalifye pou 2 ziém tou tounwa tenis Toronto a gras ak yon viktwa an 3 manch li ranpòte devan konpatriòt li Michael Llodra 6-2,4-6,6-3


XS
SM
MD
LG