Accessibility links

Breaking News

Prezidan Hugo Chavez Dwe Rankontre Wa Espay la, Juan Carlos 1er, Semèn Kap Vini an


Gouvènman espayòl la anonse Wa Juan Carlos 1er ak prezidan Venezuela a, Hugo Chavez, dwe rankontre semèn kap vini an sou zile Majorque (Mallorca an' espayòl). Se pral premye chita-pale yo depi souvren Espay la te mande msye Chavez "fèmen bouch li" pandan yon somè entènasyonal ki tap dewoule nan mwa novanm ane pase.

Yon pòtpawòl gouvènman madrilèn nan fè konnen rankont lan ap dewoule le 25 jiyè nan Majorque, kote msye Chavez pral genyen yon déjeuner de travail avèk Wa Juan Carlos. Apre chita-koze a, lidè venezuelyen an ap fè yon kout pye nan vil Madrid, kapital Espay, pou yon rankont ak premye minis Jose Luis Rodriguez Zapatero--rankont ki pral santre sou pwoblèm politik e ekonomik. Depi ensidan somè Chili novanm 2007 la, Caracas pat danse kole ditou ak Madrid. Nan somè sa a, prezidan venezuelyen an te estomake souvren Espay la apre msye Chavez te trete ansyen premye minis espayòl Jose Maria Aznar "fachis".

XS
SM
MD
LG