Accessibility links

Breaking News

Venus Ak Serena Williams Ap Jwe Samdi Final Tounwa Tenis Wimbledon nan


Amerikèn Venus ak Serena Williams ap rankontre nan final tounwa tennis senp medam yo nan vil Londres apre yo ranpòte demi final yo jedi 3 jiyè a. Venus, chanpyòn ane pase a e tèt de seri nimewo 7 ane sa a, ranpòte 8 nan 9 premye je yo pou l' elimine tèt de seri nimewo senk lan, rus Elena Dementieva an 2 sèt youn dèyè lòt (6-1, 7-6)

Serena, tèt de seri nimewo 6, elimine tou nan 2 manch chinwaz Zheng Jie sou yon skò ki sanble preske ak skò Venus la: 6-2, 7-6. Serena ak Venus rankontre 2 fwa deja nan final tounwa tennis Wimbledon nan (2002 ak 2003) e nan tou 2 okazyon yo se ti sè a, Serena, ki ranpòte laviktwa pou l' dekwoche twofe a.

Venus pran tit chapyòn Wimbledon nan 4 fwa nan karyè li, swa 2 fwa plis pase Serena. Nan quart de finale mesye yo, alman Rainer Schuettler kale an 5 manch fransè Arnaud Clément: 6-3, 5-7, 7-6, 6-7, 8-6. Schuettler pral kwaze rakèt ak espayòl Rafael Nadal.

Nimewo 1 mondya la suis, Roger Federer, dwe tope kòn li ak rus Marat Safin nan demi final.

XS
SM
MD
LG