Accessibility links

Breaking News

Espay se Nouvo Chanpyon Eropeyen


Football/Eròp

Fanatik espayòl ap selebre viktwa 1 a 0 seleksyon an ranpòte fas a Almay nan final koup dEròp la yè Dimanch gras ak yon bout gòl Fernando Torres make nan 33 zièm minit rankont la. Dènye fwa Espay te ranpòte koup dEròp la se te an 1964-lè yo te òganize konpetisyon an. Se dènye fwa antrenè Luis Aragones ap nan tèt seleksyon an. Aragones te deja anonse menm avan debu konpetisyon an lap kraze yon kite sa.

Football/Etazuni

Anviwon 36 mil fanatik te fè deplasman pou vinn asiste kijan D.C United humilye David Beckham ak tout Los Anjeles Galaksi yè Dimanch la isit Washington ak yon swif 4 a 1. Antrenè DC United la Tom Soehn satisfè ak viktwa a.

"Atrenè a ki tap pale de 2 gòl Brezilyen Luciano Emilio make pandan rankont la fè konnen msye se yon opòtunis ki te kapab make plizyè gòl pandan rankont la. Viktwa a se yon ekip e non yon endividu."
Publik la, ki te fè deplasman pou vinn asiste David Beckham te gen yon reyaksyon diferan konsènan footballè Angle a.

"Mwen abitye fè fas ak pi move situasyon men sa fè pati jwèt la. Se menm situasyon an tout kote sou tè a. Lè wap jwe an deplasman fanatik yo pa vrèman senpatik-Senpleman ou dwe atann ak yon situasyon konsa. Rejwi w si w ranpòte la viktwa tou senpleman."

FIFA/ Football/ Africa


Prezidan FIFA Sepp Blatter konfime yo gen yon plan B ke yo kapab ekzekute si Afrik du Sud pa kapab òganize koup du mond la. Responsab la di yap pran yon desizyon apre koup Konfederasyon an an Jwen 2009 pou konnen si wi ou non Afrik du Sud ap òganize koup du mond la an 2010. Msye Blatter toujou di sèl rezon pou ta anpche Afrik du Sud òganize konpetisyon an se si yon dezas naturèl frape peyi a.

Natasyon/ Etazuni

Najè ameriken Michael Phelps ak Katie Hoff bat rekò du mond nan eliminatwa konpetisyon natasyon 400 mèt maskulen ak feminen pou je zolenpik yo nan Omaha,Nebraska.

Atletisme/Etazuni

Kourè ameriken Tyson Gay te kouri pi rapid ke tout moun pou l ranpòte kous 100 mèt maskulen an an 9 pwen 6-80 santièm sekond. Viktwa ki pèmèt li kalifye pou je zolenpik la

Atletisme/ Jamayik

Sezisman nan Jamayik apre chanpyon du mond kous 100 mèt feminen an Veronica Campbell elimine pou je zolenpik yo.




XS
SM
MD
LG