Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Komisyon Ratifikasyon Chanm Depite Ap Pare l' Pou Ekzaminen Dokiman Premye Minis Deziye a


Palmantè ayisyen yo sipoze mete sou pye jedi 26 jen an komisyon ki dwe koumanse etidye dosye premye minis deziye Madan Michèle D. Pierre-Louis. Lavwad'lamerik te antre an kominikasyon ak depite Gasner Douze ki di li komisyon an dwe fome apre dewoulman asanble Nasyonal la ki ratifye plizyè pwojè lwa.

Lòt pwen kap fè aktyalite a se afè "doub nasyonalite" senatè Rudolphe Boulos la ki retounen ankò apre yon tribinal nan rejyon nò-est peyi a kase desizyon Sena ayisyen an te pran pou ranvwaye senatè a. Korespondan nou Renan Toussaint fè n' konnen menm gen yon pati politik ki reklame pou msye Boulos repran plas li nan chanm wot la.

Yon lòt kote, gouvènman sòtan Jacques Eadouard Alexis a--malgre l'ap ekzekite "affaires courantes"--fè konnen lap kontinye pase bale nan aparèy jistis la pou dechouke juj kowonpi. Jean Hernst Eliscar kouvri pwen sa pou nou nan yon repòtaj depi vil Okay.

Tande devlopman 3 sijè sa yo avèk jounalis sèvis kreyòl la; fè senpleman yon sèl klik sou ralonj ki anlè atik sa a.

XS
SM
MD
LG