Accessibility links

Breaking News

Yon Jounal Franse pral devan la Justis


Natasyon

Najè Ostralyen ki chanpyon Olenpik 5 fwa Ian Thorpe kòmanse aksyon legal kote jounal franse l’Ekip ak yon jounalis ki te akuze l kòm kwa li ta konsome dròg an Mas 2007. Jounal la te rapòte tès ki te fèt sou Ian Thorpe an 2006 revele najè a te gen yon wo nivo testosteron ak lòt òmon. Jounal la di responsab ostralyen yo te okouran rezulta a men yo pa pran oken desizyon akoz yo pat gen ase prèv.

Atletisme

Kourè Etyopyen Ambesse Tolossa pèdu tit maraton Honolulu li te ranpòte an 2007 epi resevwa yon suspansyon 2 zan pou l pa patisipe nan oken konpetisyon entènasyonal pou uzaj antidopan. An plis de Tit la Tolossa ap pèdu 40 mil dola pri li te resevwa pou viktwa a.

Yon juj federal ameriken bloke tantativ kourè Ameriken Justin Gatlin tap fè pou l patisipe nan je zolenpik yo malgre lap purje yon suspansyon 4 tran pou uzaj anabolizan.

Football/ Eropeyen

Premye semi final Ero 2008 la ap demare jodi a lè Almay ap rankontre Turki nan yon rankont kote kapab gen supriz.

Football/ Panama

Federasyon football Panama a revoke antrenè Alexander Guimaraes plis pase 24 trè tan apre Salvador elimine ekip la nan koup du mond la.

Tennis/ Rusi

Rus Dinara Safina ap reprezante peyi a nan je zolenpik Peken yo. Federasyon an anonse Safina ap jwe match senp yo apre Anna Chakvetadze deside pa reprezante peyi a ankò.

Tennis /Wimbledon

Numewo 1 tenis mondyal feminen Ana Ivanovic, evite yon echèk apre li kale anba redu franse Nathalie Dechu 6-7, 7-6, 10-8. Malerezman Nowak Djokovic tonbe devan Rus Marat Safin 6-4, 7-6, 6-2.

Yè swa Espayòl Rafael Nadal pase san difikilte pwochen tou tenis Gran Shelem Wimbledon apre li kale alman Andreas Beck 6-4, 6-4, 7-6. Nadal ap chache anpeche swis Roger Federer ranpòte konpetisyon an pou yon 6 zièm fwa afile. Ameriken Andy Roddick kalifye tou ansanm ak konpatriòt li James Blake

XS
SM
MD
LG