Accessibility links

Breaking News

Tout Favori yo Kalifye pou Semi Final KONKAKAF la


Football/ KONKAKAF

Etazuni kalifye pou semi final eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la apre viktwa tou mens 1 a 0 yo ranpòte devan Barbad nan Bridgetown yè Dimanch la. Gwatemala kalifye tou apre yo elimine Sent Lusi 3 a 1. Cuba danse sou Antigua e Barbuda 4 a 0. Salvador gen tikè l pou semi final la apre yo elimine Panama 3 a 1. Ayiti, ki te an difikilte ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 lakay Antiy Neerlandèz apre 2 ekip o te fè match nul 0 a 0 nan match ale a nan Pòtoprens.

Trinidad and Tobago surviv yon defèt 2 a 1 apre li kale Bermud 2 a 0 pou l pase nan semi final la. Meksik pat gen oken difikilte pou l kalifye apre yo wouze Beliz 7 a 0 menm situasyon an pou Kosta Rika ki pilon-nen la Grenad 3 a 0. Kanada elimine Sen Vensan e Grenadin. Pratikman tout favori yo kalifye pou semi final la

Apre seri kar de final yo-group yo devize an 3 group de 4.
Nan group A nou jwen Etazuni, Gwatemala, Trinidad and Tobago ak Kuba.
Nan Group B gen Meksik, Jamayik, Honduras ak Kanada.

Group C a Kosta Rika, Surina m, El Salvador ak Ayiti.
2 premye nan chak group yo ap kalifye pou ekzagonal final la. 3 Premye yo ap kalifye dirèkteman pou faz final koup du mond Afrik du Sud la. Peyi ki klase 4 trièm nan pral jwe yon match de baraj ale/retou kont peyi ki klase 5 kièm nan Amerik du Sud la.

Football Eropeyen

Supriz nan koup dEròp dè Nasyon an apre la Turki elimine Kwasi sou tir de penalite 3 a 1 pou l rankontre Almay an semi final la Mèkredi. La Rusi kenbe la Oland an echèk ak yon viktwa 3 a 1 an pwolongasyon. Rus yo ap rankontre Espay ki elimine Itali 4 a 2 sou tir de penalite.
Mèkredi Almay kont la Turki revelasyon tounwa a epi Jedi Espay kont la Rusi yon lòt revelasyon tounwa a. Nap swiv!

Oganizatè-yo publiye non abit ki pral dirije demi-final Euwo 2008-la. Kanta pou final-la se , italyen Roberto Rosetti. Italyen Alessandro Griselli
ak Paolo Calcagno ap jwe wòl juj de liy e suedwa Peter Frojdfelts ap 4e abit.

Premye demi-final ant Almay Turki-a ap dewoule mèkredi nan vil Bal ann Suis. Se abit Swis Massimo Busacca ki pral dirije rankont la; e 2e nan ant Espay ak Larusi ap dewoule nan vil Vyèn ann Otrich Jedi. Abit Bèlj Frank de Bleekere ap dirije match sa a.

Yè Espay te elimine Itali nan tir penalite gras surtou ak gadyen Real Madrid Iker Cassiyas.

Tennis / Wimbledon


Tenis pou kòmanse : Nan 3e tounwa Gran Chelem pou ane-a, an palan de Wimbledon-nan , 2 tèt de seri numewo 1 kay mesye e kay medam-yo rapòte la viktwa.
Numewo 1 tenis mondyal-la, swis Roger Federer ranpòte premye match-li an 3 sèt : 6-3, 6-2, 6-2 kont slovak Dominik RBaty. Se 60tièm viktwa Federer ranpòte sou gazon---surfas de predileksyonn .

Sèb Ana Ivanovic, ki nouvo numewo 1 mondyal feminen an, kouri ak paragweyèn Rossana de Los Rios ke-l kale an 2 sèt : 6-1, 6-2. Nan lòt match kay medam-yo , 2 fwa chanpyon Wimbledon-nan amerikèn Serena Williams elimine an 2 sèt : 7-5, 6-3 Kaia Kanepi, moun Estoni. Kalifikasyon tou pou tchèk Nicole Vaidisova . Kay mesye-yo , nap siyale tou kalifikasyon pou chipriyòt Marcos Bagdatis ak chilyen Fernando Gonzalez.

Etazuni / Basketball

Vedèt Baskètball Los Anjeles Lakers, Kobe Bryant ak Cleveland Cavaliers Lebron James figure pami 12 seleksyone ki pral reprezante Etazuni nan Je Zolenpik Peken 2008 yo. Gen 4 lòt jwè eksperimante ki fè pati seleksyon an se Jason Kidd (Dallas Marvericks), Carmelo Anthony( Denver Nuggets), Carlos Buzzer(Utah Jazz)epi Dwayne Wayde( Miami Heat)


XS
SM
MD
LG