Accessibility links

Breaking News

Prensipal Lidè Opozisyon Zimbabwe a, Morgan Tsvangirai, Pran Anbasad Nan Harare


Chèf opozisyon zimbabweyen an, Morgan Tsvangirai, pran anbasad lendi 23 jen an nan misyon diplomatik La Oland lan, nan vil Harare, kapital Zimbabwe, yon jou apre li anonse li pap patisipe nan dezyèm tou eleksyon prezidansyèl 27 jen an.

Yon pòtpawòl ministè afè etranjè olandè a, Bart Rijs, fè laprès konnen Morgan Tsvangirai, 56 zan, antre nan anbasad olandèz la (Pays-Bas) nan Harare.

"li pwovizwaman nan anbasad Pays-Bas a nan Harare. Pati li a, MDC, fè demann nan yè nan non li, e minis afè etranjè a, Maxime Verhagen, deside lap bay msye Tsvangirai sekirite si l' bezwen sekirite", dapre msye Rijs.

Otorite olandè yo nan Amsterdam konfime chèf opozisyon zimbabweyen Morgan Tsvangirai pran azil nan anbasad olandè a nan Harare, men nan yon entèviou li bay Stidyo 7 Lavwad'lamerik lendi, Mr. Tsvangirai refize di ki kote li kache, pou rezon sekirite.

Lidè prensipal pati opozisyon zimbabweyen an, Mouvman pou chanjman demokratik la (MDC), sepandan di li pre pou l' negosyie avèk rejim Mugabe a si li mete yon pwen final nan vyolans kap sakaje Zimbabwe depi eleksyon konteste 29 mas 2008 la e ki pase (vyolans lan) yon vitès siperyè semèn pase a.

Msye Tsvangirai deklare sou yon radyo nan Afrik Di Sid "nou pare pou n' negosye avèk pati Zanu-PF (Inyon Nasyonal afriken Zimbabwe-Fwon patriyotik) men a kondisyon li mete fen nan vyolans yo".

M. Tsvangirai te anonse dimanche ke l' pa pra l' nan dezyèm tou eleksyon prezidansyèl la ki dwe dewoule vandredi kap vin la avèk prezidan Robert Mugabe ki gen 84 an. Yon desizyon ki louvri pòt pou msye Mugabe konsève pouvwa a, men ki wetire tou tout lejitimite eleksyon an. Antretan, Premye Minis britanik la, Gordon Brown, di Palman an gouvènman li an pa rekonèt ankò gouvènman prezidan Robert Mugabe a. Msye Brown ajoute Grande Bretagne ap travay ak kominote entènasyonal la pou yo mete presyon sou Zimbabwe.

XS
SM
MD
LG