Nan peyi Zimbabwe, lidè opozisyon an, ki te ranpòte majorite vòt nan
premye tou prezidansyèl mwa mas la, anonse yon desizyon ki siprann
anpil moun jodi a: li pap patisipe nan dezyèm tou 27 jen an. Morgan
Tsvangirai, ki alatèt Mouvman pou Chanman Demokratik la, MDC, di li
rale kò l akòz vyolans ak zak kraponnay kap miltipliye kont
patizan n yo.
Tsvangirai di, Nou menm
nan MDC detèmine ke nou pap pran pa ankò nan "processus" elektoral sa a
ki se yon maskarad, ki pa lejitim, e ki vyolan. Li di Prezidan Robert
Mugabe ak pati ZANU-PF la fè tout sa yo kapab pou yo diskredite vòt 27
jen an. Dapre li, gen twòp moun ki mouri, e twòp moun kite kay yo
palafòs, nan yon pwen tèl ke pèp la twouve l anfas yon chwa: swa li vote
pou pati ki sou pouvwa a (ZANU-PF), oswa li fè fas ak lanmò.
Ajans nouvèl Associated Press fè
konnen Minis Enfòmasyon Zimbabwe a, Sikhanyiso Ndlovu, deklare
eleksyon an pral fèt kanmenm vandredi e sa pral pwouve ke Zimbabweyen yo
apiye Prezidan Mugabe kap dirije peyi a depi li te pran endepandans li
an 1980.