Accessibility links

Breaking News

Kandida Demokrat Barack Obama Gen 15 Pwen Devan Rival Repibliken li, John McCain


Kandida alaprezidans pou nominasyon Pati Demokrat la, senatè Barack Obama, genyen yon avans 15 pwen sou rival repibliken li, senatè John McCain, dapre yon sondaj magazin nouvèl Newsweek pibliye samdi 21 jen 2008 la.

Newsweek reyalize ankèt sa a ant 18 e 19 jen sòt pase a avèk yon echantiyon 1010 moun ki gen laj pou vote nan pwochen eleksyon prezidansyèl ameriken an ki fikse pou mwa novanm ane sa a. Dapre rezilta ankèt la, Obama rekòlte 51 pousan opinyon favorab kont 36 pou McCain. Sondaj la genyen yon posibilite erè ant + 4 e - 4 (plis ou mwens 4)

Yon sondaj Newsweek te fè nan mwa me 2008 te montre 2 kandida yo pat-pou-pat avek 46 pou san entansyon vòt yo chak. Men nan epòk la Obama te toujou ap fè konpetisyon ak senatè Hillary Clinton pou nominasyon Pati Demokrat la paske li patko genyen ase delege ak sipèdelege pou l' ranpòte envestiti a.

XS
SM
MD
LG