Accessibility links

Breaking News

Star Hip Hop Wyclef Jean Ap Chache Asistans Pou Ayiti


Vedèt mizik Hip Hop ayisyen Wyclef Jean (ki baze Ozetazini, e ki koni mondyalman) mande pèp ayisyen an pou li sispann kraze brize lè l’ap manifeste kont lavi chè. Korespondan nou Clarens Renois di superstar la ap lanse yon pwogram Tèt ansanm entènasyonal pou Ayiti. Pandansetan, peyi a ap tann chwa yon nouvo Premye Minis.

Clarens Renois di nou gen Depite nan blòk CPP a, ki kontwole Chanm Bas Palman an, ki vekse pou fason Prezidan Préval trete dosye a. Kèk nan yo fè laprès ayisyèn konnen sijè a pat menm sou pwogram Prezidan an nan yon rankont ki te fèt nan Palè a, nan moman anpil presyon ap fèt pou peyi a gen yon nouvo Chèf Gouvènman pou ranplase Jacques Edouard Alexis. CPP te responsab move kanè Bob Manuel ak Ericq Pierre te pran nan Lachanm nan.

Si ou vle koute Clarens Renois ki t'ap pale ak Jean Robert Philippe, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG