Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Kanada a, Claude Boucher, Eksprime Desepsyon li Anfas Kriz Gouvèmantal Ayisyen an


Reprezantan gouvènman kanadyen an nan peyi Dayiti, anbasadè Claude Boucher, deklare absans yon gouvènman lejitim e efektif kreye yon vid enstitisyonèl nan peyi a 2 mwa apre Sena a te ranvwaye premye minis Jacques Edouard Alexis poutèt li pat antisipe manifestasyon kont lavi chè ki te sakaje plizyè vil ayisyèn--pami-yo, kapital la, Pòtoprens--nan koumansman mwa avril 2008 la. Msye Boucher eksprime desepsyon li nan mikwo Jean-Pierre Leroy e l' fè konnen sitiasyon sa lakòz yon seri akò ki tap nan avantay popilasyon ayisyèn rete san siyen.

Fè yon klik sou ralonj ki anlè tèks sa a pou n' koute deklarasyon anbasadè Boucher a

XS
SM
MD
LG