Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Kanadyen an, Claude Boucher, Eksprime Desepsyon li Devan Kriz Politik Ayiti a


Reprezantan Kanada a nan peyi Dayiti, anbasadè Claude Boucher, manifeste kè sote li devan pwolongasyon kriz gouvènmantal ayisyen an ki antre nan dezyèm mwa li depi Sena a te ranvwaye premye minis Jacques Edouard Alexis poutèt li pat antisipe manifestasyon kont lavi chè ki te afekte plizyè vil ayisyèn--pami yo, kapital la, Pòtoprens, e lakòz 6 kretyen vivan pèdi lavi yo nan koumansman mwa avril 2008 la.
Anbasadè Boucher, ki rive nan fen misyon li nan peyi Dayiti, eksprime desepsyon li anfas absans yon gouvènman efektif lejitim ki kreye yon vid enstitisyonèl nan peyi karibeyen an. Msye eksprime espwa òm politik ayisyen yo va fè yon efò pou debloke sitiasyon sa a ki kite Kominote entènasyonal la san patnè pou li diskite.

Fè yon klik sou ralonj ki nan tèt atik la pou n' koute deklarasyon anbasadè kanadyen an, Claude Boucher, nan mikwo Jean-Pierre Leroy.


XS
SM
MD
LG