Basketball
Los Anjeles Lakers toujou nan kous pou tit NBA a apre viktwa 103 a 98 yo ranpòte devan Boston Celtics yè swa nan Los Anjeles. Boston toujou ap domine seri 7 match la ak 3 viktwa kont 2 defèt. 6 zièm rankont ap jwe demen Madi a nan Boston--Nan ka Lakers yo ta egalize 7 tièm rankont la ap dewoule toujou nan Boston Jedi.
Ayiti/ Karayib Judo
Republik Dominikèn ranpòte chanpyona Karayib Judo ki tap dewoule an Ayiti dapre deklarasyon Ernst Laraque prezidan federasyon Judo ayisyen an.
CONCACAF/ Football
Match kalifikatif koup du mond pou zòn KONKAKAF la. Nan Pòtoprens, seleksyon Antiy Neerlandèz la kenbe Ayiti an echèk ak yon match nul 0 a 0. Etazuni pat gen pitye pou Barbad ak yon swif 8 a 0. Panama ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan El Salvador. Sen Vensan e Grenadin tonbe devan Kanada 3 a 0. Jamayik toupizi Bahamas 7 a 0.. Meksiko wouze Belize 2 a 0 nan Houston Tekzas. Bermud suprann Trinidad and Tobago 2 a 1 epi Ekip yo ap retounen sou teren an nan mwens ke yon semen.
Football/ Amerik du Sud
Nan Amerik du Sud la Brezil tonbe devan Paragwe 2 a 0. Arjantin rache yon match nul 1 a 1 devan Ekwatè.
Football/ Erop
Nan koup dEròp dè Nasyon La Swis ki tap jwe pou lonè kale Pòtugal 2 a 0 epi Turki suprann REpublik Tchèk 3 a 2. Jodi a group B ap jwe dènye rankont li lè Almay pral fè fas a Otrich epi la Polòy kont Kwasi. Almay, Otrich, Polòy toujou gen chans pou l kalifye pou 2 zièm plas la.