Accessibility links

Breaking News

Eleksyon USA: Senatè Obama Lanse Dezyèm Faz Kanpay li


Etazini - Eleksyon: Senatè Barack Obama lanse kanpay li pou eleksyon jeneral mwa novanm nan ak yon atak piman bouk sou rival repibliken ni an, Senatè John McCain, akòz politik ekonomik li adopte yo.

Nan eta Kawolin di Nò, ki se premye eskal nan yon virewon Obama ap fè ak slogan “Chanjman Kap Nan Avantaj Nou” li di “men chwa ki pral devan nou an novanm nan: Nou ka vote pou John McCain epi wè politik ekonomik Bush la kontinye, kidonk mwens taks pou gwo zouzoun yo, mwens taks pou gwo konpayi prive yo, mwens taks pou konpayi k’ap pran djòb nou voye aletranje, plis dèt sou do peyi a, epi yon tikras soulajman, oubyen okenn soulajman ditou pou fanmi k’ap debat anba lavichè a, soti nan pri medikaman ak lopital, pse nan gazolin pou rive nan ekolaj ak founiti klasik. Men m’pa kwè se avni sa a nou vle.”

Lendi apremidi, Msye Obama te pran direksyon Mizouri e kanpay li a anonse ke li pral fè meeting tou nan Ohio, Pennsylvani ak Florid. Yon eleman parèt aklè: Obama ap eseye atire elektè repibliken ak endepandan, pou yo anbrase chanjman li ofri a, tankou li te fè sa nan Kawolin di Nò yè maten: “Se pa yon agiman ant lagoch ak ladwat, ant liberal ak konsèvatè. Se pa yon koze liberal oubyen konsèvatè lè n’ di nou eseye fason pa yo a pandan 8 ane byen long, e se te yon echèk. Li lè pou n’eseye yon bagay ki nèf. Li lè pou gen chanjman.”

Bò kote li, McCain t’ap ranmase lajan nan eta Vijini kote li reyaji pou l’di: si leta ogmante taks sou nenpòt ki moun, sa pral lakòz yon ekonomi ki deja oralanti vin pi malad toujou. E li repete envitasyon sa a ke li te lanse bay Obama semèn pase a: “Sa m’ta renmen fè, se parèt (ansanm ak lòt kandida a) nan 10 tikoze anba tonèl (10 rankont-deba) youn chak semèn, soti jodi a pou rive nan dat Konvansyon Demokrat la, pètèt anprezans 200 a 400 moun, ke yon òganizasyon san paspouki ta va chwazi, epi fè yo vin patisipe nan rankont-deba sa yo atravè tout Etazini.

Senatè McCain di li ta renmen fè premye rankont-deba sa a jedi 12 jen an (donk nan 2 jou) nan vil New York. Kanpay Obama a fè konnen li dakò pou li pwograme yon aparisyon ansanm ak McCain, pandan dewoulman kanpay la, sepandan poko gen okenn diskisyon sou detay yon aktivite konsa.

Fè klik sou ralonj ki anlè tèks la pou w tande repòtaj sila a.

XS
SM
MD
LG