Accessibility links

Breaking News

Etazuni Kenbe Arjantin an Echèk


Football

Seleksyon football ameriken fè match nul 0-0 ak Arjantin yè Dimanch la nan Giant Stadium nan, nan New York. Prèske 80 mil fanatik te asiste rankont la. Etazuni rankontre ak 3 peyi afile : Angletè, Espay, Arjantin.

Pou zòn KONKAKAF-la , Etazuni ap kòmanse kanpay kalifikatif koup du mond Dimanch pwochen lè lap akeyi Barbad. Menm jou-a, ann Amerik du Sud , Arjantin ap akeyi Ekwatè. Apre sa li va genyen pou’l ale Brezil le 8 Jwen.

Nan lòt amikal ki jwe sou teritwa ameriken an Meksik wouze Pewou 4 a 0 nan Chikago.

Trinidad ant Tobago fè match nul 1 a 1 ak Jamayik pandan Honduras pilon-nen Ayiti 3 a 1 nan kad preparatif seleksyon sa yo ap fè pou eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la.

Kwoasi ranpòte yon viktwa tou mens men enpòtan devan Otrich ke’l kale 1 a 0 pandan ke Almay bat la Polòy 2 a 0 nan kad tounwa kalifikatif koup dEròp dè Nasyon-an kap dewoule an tandèm ant la Swis ak Otrich. Jodi a Itali ap rankontre la Oland epi la Frans ap fè fas ak Woumani.

Sou kontinan Azyatik la Kore du Nò ranpòte yon viktwa 2 a 1 pou l pran tit tounwa football feminen ki tap dewoule nan Vyetna m. Japon wouze Ostrali pou l konsole l ak 3 zièm plas la. Kore du Nò, la Chin, ak Japon kalifye pou Je Zolenpik yo.

Basketball

Boston Celtics ranpòte 2 zièm viktwa l nan faz final NBA a apre li kale ak difikilte Los Anjeles Lakers 108 a 102. 2 ekip yo ap rankontre demen Madi a nan Los Anjeles pou 3 zièm rankont seri 7 match la ke Celtic yo ap domine 2 a 0. Kidonk Lakers pa gen dwa alereur nan 3e match sa-a kap dewoule lakay-li.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal la Swis Roger Federer subi yon lòt defèt afile nan final tounwa Roland Garos la devan Espayòl Rafael Nadal ki ranpòte konpetisyon pou yon 4 trièm fwa afile. Skò final la 6-1, 6-3, 6-0. Nadal tounen premye jwè tenis ki ranpòte konpetisyon an 4 fwa afile depi 1981 ane swedwa Bjorn Borg te ranpòte l 4 fwa afile. Roland Garros rete sèl tounwa Gran Chelem Roger Federer poko ranpòte.

Bò kote medam yo Sèb Ana Ivanovic kale samdi pase Rus Dinara Safina an 2 sèt : 6-3, 6-4 pou l ranpòte tit feminen an.

Avèk viktwa sa-a Ivanovitch tounen premye sèb ki klase numewo 1 mondyal nan klasman ki soto jodi-a . Li pran plas rus Maria Charapova ki vini an 2e pozisyon devan sèb Jelena Jankovic ak rus Svetlana Kuznetsova ki respektivman 3e e 4e. Serena Williams tonbe an 6e pozisyon dèyè rus Elena Dementieva.

XS
SM
MD
LG