Accessibility links

Breaking News

Senatè Hillary Clinton Sispan Kanpay li Pou Pòs Prezidan an


Hillary Rodham Clinton fèmen kanpay istorik li t'ap mennen pou pòs prezidan Etazini an e l' mande patizan l' yo ini dèyè rival li, senatè Barack Obama. Ansyèn premyè dam amerikèn nan, ki te deklare madi pase li se kandida pi solid pou afwonte John Mc Cain, kandida Pati Repibliken an, nan eleksyon jeneral mwa novanm 2008 la, bay Obama tout sipò li. "Kounye a, jan nou dwe kontinye batay pou reyalizasyon objektif nou yo se sèvi ak enèji nou, pasyon nou e fè tout sa n' kapab pou n' ede eli Barack Obama kòm pwochen prezidan Lèzetazini", deklarasyon senatè Hillary Clinton.

Madan Clinton pwononse pawòl sa yo nan yon diskou chaje emosyon li delivre devan plizyè santèn patizan l' nan lokal Mize Nasyonal la nan Washington, D.C, kapital federal amerikèn nan. "Jodi a, nan moman m'ap mete yon fen nan kanpay mwen an, m'ap felisite l' pou viktwa li ranpòte a e pou kanpay ekstraòdinè li mennen e genyen an. Mwen apiye l' e'm lage tout sipò'm deyèl'...mwen mande n' pote-kole avè'm pou n' travay di pou Barack Obama menm jan nou te travay di pou mwen an".

Avèk desizyon sa a, Clinton kanpe fèm dèyè kolèg Illinois li a, senatè Barak Obama-- yon veritab fenomèn politik ki tounen premye Nwa ki janm ranpòte yon kanpay pou envestiti youn nan pi gwo pati politik ameriken yo. Pou Clinton ak patizan l' yo, moman an se te yon moman difisil e chaje emosyon: fen yon kous ekstraòdinè ki te demare avèk yon espwa preske sèten ke se li, ansyèn premyè dam Lèzetazini, ki t'ap ranpòte nominasyon Pati Demokrat la. Apeprè 18 milyon elektè te lage bilten pou senatè Hillary Clinton--premye fi ki rive pre pa pòt nominasyon yon pati politik ameriken konsa.

XS
SM
MD
LG