Tennis
Nan entènasyono de Frans la Roland Garos-yo, numewo 2 mondyal kay mesye-yo Rafaèl Nadal kalifye pou final la apre viktwa-l an semi-final sou sèb Novak Djokovic( numewo 3mondyal). Skò final: 3 sèt a 0 :6-4, 6-2, 7-6 an favè Nadal ki ranpòte konpetisyon sa-a 3 fwa deja ap rankontre an final numewo 1 mondyal-la , suis Roger Federer ki te fè anpil efò avan li kale revelasyon tounwa a franse Gael Monfils 6-2, 5-7, 6-3, 7-5. Final la fikse pou Dimanch.
Bò kote meda m yo final la ap mete bab pou bab Rus Dinara Safina fas ak Sèb Ana Ivanovic.
Football
Kou danvwa Koup Dewòp dè nasyon-an, se pou demen samdi-a . Nan afich-la , La Suis, youn nan peyi òganizatè-yo ap jwe kont Republik Tchèk, epi Pòtugal kont Turki. La Swis ta renmen fè bèl figi nan konpetisyon an men pou sa fèt yo dwe woule Tchèk yo ki te rive nan semi final konpetisyon an 2004. Pòtugè yo ta renmen efase move eksperyans yo te fè apre li te pèdu devan la Grès.
Chanpyon an tit koup du mond la Itali ta renmen ajoute tit koup dEròp la malgre yo pa gen sèvis kapitè n ekip la Fabio Cannavaro ki pran yon zòbòy pandan seleksyon an tap antrene an Otrich. Lòt ekip ki pral atire atansyon obsèvatè spòtif yo se Almay, la Polòy, Kwasi, la Frans ak chanpyon sòtan an la Grès ki trouve l nan menm group ak la Rusi ak Espay. Konpetisyon sa-a kap dewoule an Susi e an Otrich ap fini le 29 juin. Moun ap ka suiv 31 match pandan 23 jou.
Seleksyon football feminen ameriken toujou numewo 1 mondyal dapre dènye klasman FIFA publiye. Almay, la Swèd, Brezil, Novèj, Kore du Nò, Danmak, la Frans, Kanada ak Japon konplete lis 10 premye ekip mondyal yo.
Balon pral woule nan zòn KONKAKAF la ak yon seri de rankont. Isit Ozetazuni Etazuni ap rankontre nan New York seleksyon Arjantin nan. Nan Chikago Meksik pral woule balon fas ak Peru. Demen Samdi a Ayiti ap jwe yon match amikal kont Honduras. Nan football an sal seleksyon Ayiti a elimine apre li ranmase yon kanaval gòl. Seleksyon subi yon defèt 4 a 0 devan Panama. Kosta Rika danse sou yo 13 a 0 epi Etazuzini te wouze yo 5 a 3.
Cyclisme
Kourè ameriken Justin Gatlin pèdu dènye espwa li te genyen pou l patisipe nan je zolenpik Peken ane sa a apre tribunal abitraj spòtif rejte demand an apèl li te fè pou leve suspansyon 4 tran kap peze sou li pou dopaj. Komite 3 manb la kore entèdiksyon 4 tran komite Olenpik ameriken an te pran kont Gatlin an Janvye 2006 e kap ekspire nan fen Juyè 2010. Gatlin dwe deside s il vle purje pè n nan pou l kontinye kouri apre ou byen pouswiv yon karyè nan football zèpòl kare ameriken an.
Basketball
Los Anjeles Lakers ap retounen Boston Dimanch kap vini la a nan kad 2 zièm rankont ant 2 ekip yo. Boston Celtics ranpòte premye rankont la yè swa 98 a 88.