Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Mach kont Kidnapping ak Ensekirite a Dewoule San Okenn Ensidan


Plizyè milye moun pran lari mèkredi 4 jen an nan vil Pòtoprens, kapital Ayiti, pou denonse e pwoteste kont kidnapping ak ensekirite ki rekoumanse vale teren depi koumansman mwa me dènyè a. Nan mwa me ki sòt pase a enkoni fè dap-piyan sou omwen sou 31 moun nan peyi Dayiti; pami yo Kareem Gaspard, yon jèn 16 zan eleman ak zam te kidnape pou ranson epi asasinen apre yo fin touche lajan an, san bliye alèvman kanadyèn Nadia Lefèbvre ke kidnapè yo libere mèkredi pase anwo. Clarens Renois, ki te suiv mach la pou Lavwad'lamerik, di evènman an dewoule san ensidan.

Apre repòtaj Clarens lan nou va koute reyaksyon analis politik Robert Benodin nan mikwo Chérubin Dorcil.

XS
SM
MD
LG