Accessibility links

Breaking News

Senatè Barack Obama Deklare Laviktwa Nan Kous Pou Nominasyon Pati Demokrat la


Barack Obama, reprezantan Eta Illinois nan chanm Sena Lèzetazini an, kriye laviktwa madi swa nan kous pou envestiti Pati Demokrat la apre li ranmase majorite delege kap pèmèt li jwenn nominasyon an pandan konvansyon pati a nan fen mwa out la nan Denver, Eta Colorado.Viktwa msye Obama a mete yon pwen final nan yon sezon eleksyon primè manch long ki bout avèk primè Montana ak Dakota di Sid la. Byen lontan anvan biwo vòt te fèmen pòt yo, senatè Illinois la te deja genyen nan ponyèt li majorite delege li bezwen pou envestiti pati a apre yon seri Sipè-Delege ki pat ko apiye okenn kandida, yon seri gwo chabrak pati a ak lidè eli te deside pase nan kan Obama.

Avèk majorite sa a, kandida Barack Obama kraze yon "baryè" vye pase plis ke 200 lane pou l' tounen premye Nwa nan istwa peyi Lèzetazini ki pral' kandida youn nan pi gwo pati politik peyi a pou pòs prezidan Repiblik Amerikèn nan.Nan yon diskou li fè madi swa 3 jen 2008 la nan St.Paul,Eta Minnesota, senatè Obama deklare “apre 54 konpetisyon gason/fanm pa kanpe, sezon eleksyon primè nou an rive nan bout li”.

Devan plizyè dizèn milye patizan ki te rasanble nan syèj kote Pati Ripibliken an dwe òganize konvansyon pou l' nonmen senatè John McCain (senatè Eta Arizona) kandida l' nan eleksyon mwa novanm nan, Obama deklare “gras ak nou, aswè a, mwen ka kanpe isit la devan nou e deklare mwen pral kandida Pati Demokrat la pou pòs prezidan Lèzetazini d'Amerik.”

Obama, 46 zan, ki sou premye manda li nan Sena Etazini an, se premye Nwa ameriken ki sou wout pou l' tounen kandida youn nan 2 pi gwo pati politik peyi a.Li mennen yon kanpay solid kont senatris New York la, Hillary Clinton.Senatris la, ki pran lapawòl menm madi swa 3 jen an nan vil yo rele Big Apple la (gwo pòm nan) deklare li pral' evalye opsyon li apre li va fin konsilte patizan l' ak lidè pati a.

Msye Obama,bò pa li,di kanpay pou nominasyon l' lan ki bout kounye a make fen yon vwayaj istorik men li inogire tou yon kanpay tounèf (NDLR) kanpay pou Mezon Blanch lan.

XS
SM
MD
LG