Accessibility links

Breaking News

Seleksyon Juniò Ayiti Pase Kap Premye Tou a


Football Agogo

Seleksyon Junior Ayiti a kalifye pou dezyèm tou eliminatwa koup du mond Junior a ki gen pou dewoule nan Nijerya. Ayisyen yo wouze Kiba 3 a 0 pou fini ak 9 pwen nan tèt group la.

Nan yon match amikal, Kanada tonbe 3 a 2 devan Brezil. Salvador fè match nil 0 a 0 ak Gwatemala epi Honduras fè match nil 1 a 1 ak Venezuela. Angletè danse sou Trinidad and Tobago 3 a 0. Trinidadyen yo jwe rankont la nan kad preparatif yap fè pou eliminatwa koup di mond la. Trinidadyen yo ap kòmanse kanpay koup di mond la kont Bermud nan dat 15 Jen.

Prezidan Federasyon Football Ostrali a, Frank Lowy, fè konnen peyi a toujou gen entansyon akeyi mondyal 2018 la.

Football Fanm ann Azi

Kore di Nò kale la Chin 1 a 0 pou l fini nan tèt group A a nan yon tounwa football feminen kap dewoule nan Ho Chi Minh Vil. La Chin ak Kore di Nò deja kalifye nan group A a. Nan group B a Ostrali tonbe devan Japon 3 a 0. Japon ak Ostrali kalifye. Nan semi final la ki fikse pou Jedi Ostrali ap rankontre la Chin epi Japon pral mate balon fas ak Kore du Nò.

Football Afriken

Nijerya ranpòte yon viktwa 2 a 0 devan Afrik di Sid nan kad match kalifikatif kou koup di mond la. Malgre Afrik di Sid kalifye otomatikman li oblije patisipe nan faz kalifikatif la paske faz sa a detèmine peyi kap kalifye pou koup dAfrik 2010 la. Nan Abidjan, Sekou Cisse make yon bout gòl devan Mozanbik pou pèmèt Kot Divwa avanse, malgre absans Didier Drogba.

Football an Azi

An Azi Bahren ranpòte 3 zièm viktwa l pou l kenbe tèt group 2 a tounwa kalifikatif koup du mond. Baren suprann Tailand ak yon viktwa 3 a 2. Japon toujou ap fè efò apre li tronse Oman 3 a 0 Nan group 4 la ki jwe jodi a Uzbekistan krabinen Sengapour 7 a 3 pou l kenbe tèt group la ak 7 pwen. 2 premye nan chak group de 5 yo ap kalifye pou pwochen tou a.

Football Amikal ann Ewòp

Lasuèd sibi yon defèt sipriz 1 a 0 devan Ukrèn nan kad yon match amikal ki jwe ant 2 seleksyon yo nan Stockholm. Chanpyon sòtan Ewopeyen an, Lagrès, fè match nil 0 a 0 ak Ameni. La Oland wouze peyi dè Gal 2 a 0. Almay fè match nil 1 a 1 ak Dànmak epi Bosni-Èzegovin kale Azèbayidjan 1 a 0.

Football Ozetazini

Nan lig football balon-won ameriken an, Toronto Foot-ball Club fè yon bouche ak Los Anjeles Galaxy 2 a 0. Real Salt Lake pilonnen San José 3 a 1. Chivas USA danse sou Colonbus Crew 2 a 0. Epi yè Dimanch la Colorado Rapids te fè anpil efò pou l kale Dallas 2 a 1. Nan klasman jeneral la, New England Revolution ap domine konferans de Lès la ak 20 pwen pandan ke Colorado Rapids devan nan konferans de Lwès la ak 15 pwen.

Tennis - Open Fransè

Vedèt tenis espànyòl Rafael Nadal kalifye pou ka de final tounwa tenis Roland Garos la gras ak yon swif nan 3 manch li pase konpatriyòt li Fernando Verdasco, 6-1, 6-0, 6-2. Sèb Novak Djokovic kalifye pou ka de final la apre li elimine franse Paul Henri Mathieu 6-4, 6-3, 6-4. Chilyen Fernando Gonzalez elimine Robby Ginepri, dènye ameriken ki te nan tounwa a, sou yon skò 7-6, 6-3, 6-1. Bò kote medam yo, Sèb Ana Ivanovic wouze ak kout rakèt Tchèk Petra Cetkovska 6-0, 6-0. Lòt kalifye yo se Jelena Jankovic, Patty Schnyder, ak Elena Demetieva.

Voleyball Olenpik

Polòy kale Pòtigal 3 a 0, 25-21, 25-19, 26-24 nan kad eliminatwa tounwa voleyball pou jezolenpik yo. Viktwa ki pèmèt Polonè yo kalifye pou jezolenpik yo ansanm ak Lachin, Brezil, Larisi, Bulgari, Ejipt, Sèbi, Etazini, Venezuela ak Almay. Nap konnen 2 dènye kalifye yo nan okazyon yon tounwa kap dewoule O Japon.

Atletism

Kourè Kenyan Pamela Jelimo remèt yon bèl pèfòmans nan kous 800 mèt feminen vil Bèlen an. 70 mil fanatik te reyini pou asiste viktwa Jelimo a ke li reyalize nan 54 segond 99. Ameriken LaShawn supran konpatriòt li Jeremy Wariner nan kous 400 mèt maskilen an. Panameyen Irving Saladino ranpòte so an longè a.

Siklism

Chanpyon kous bisiklèt Tour de France edisyon 2007 la, Espayòl Alberto Contador ranpòte kous bisiklèt Tour Itali a. Se premye etranje ki ranpòte konpetisyon an depi 1996.

XS
SM
MD
LG