Accessibility links

Breaking News

Fenomèn Ensekirite a Retounen Pi Rèd Nan Pòtoprens


Prezidan chanm Sena Ayiti a, Kelly C. Bastien, eksprime enkyetid li devan fenomèn ensekirite a ki rekòmanse nan Potoprens depi mwa mas la. Kelly Bastien di Lawadlamerik li nesesè pou peyi a gen yon nouvo guvènman pou pran responsabilite dosye sekirite a.

Senatè Youri Latortue, bò kote pal lonje dwèt sou Chef Leta a li di ki pa pran responsabilite l nan kesyon ensekirite a.

Polis Nasyonal Ayiit a ak Misyon Stabilizasyon Nasyon Zini an (MINUSTAH) renouvle volonte yo pou yo konbat fenomèn sa a ki mete anpil kè-sote nan fanmi ayisyèn yo.

Si ou fè klik sou ralonj ki anlè atik la, w ap tande reyaksyon yon pwofesè enfòmatik nan Pòtoprens--Edner Lafortune-- avèk Senatè Kelly Bastien ak Youri Latortue.

XS
SM
MD
LG