Accessibility links

Breaking News

FIFA Leve Suspansyon li te Pran kont Irak


Football

FIFA leve pwovizwaman entèdiksyon 12 mwa ki tap peze sou foutbòl Irakyen an apre gouvènman an te enfòme FIFA ke mezu li te pran pou suspann tout federasyon spòtif peyi a pat konsène federasyon football irakyen an. Desizyon an vle di Irak pral kapab jwe match dimanch kap vini an kalifikasyon pou koup du mond lan kont Ostrali . Responsab FIFA yo fè konnen yo kapab re-enpoze sanksyon an si gouvènman an chache kontwole federasyon an.

FIFA ranvwaye juska nouvèl òd match koup du mond ki te dwe jwe ant Soudan ak Chad Samdi 31 Me a akòz tansyon politik ki genyen ant 2 peyi yo.

Foutbòl kay Medam yo: Ostrali woule Taiwan 4 a 0 nan premye match tounwa foutbòl feminen chanpyona koup Azyatik la.

Angletè kale Etazuni 2 a 0 yè swa nan stad Wembley a nan okazyon yon match amikal ant 2 seleksyon yo. Ameriken yo ap mete tèt pou Espay kote yo pral rankontre seleksyon lokal la avan yo retounen nan New York pou yon fas a fas ak Arjantin. Yon lòt kote, seleksyon foutbòl Larussi a wouze Sèbi 2 a 1. Pays de Galles ranpòte yon viktwa 1 a 0 sou Island. Bahrein bat Sengapour sou menm skò a. Moldavi fè match nul 2 a 2 epi Urugwe fini sou menm skò a. Jodi a gen 3 lòt rankont-chofe jarèt: Irland ap rankontre Kolonbi nan vil Lond; Finland ap akeyi Turki epi Danmak ap fè yon kout pye lakay la Oland.

Football ameriken: Brian McBride ap kite klub footbòl Angle Fulham pou l’ retounen Ozetazuni apre kontra l’ ekspire. Yon pòtt̀pawòl lig foutbòl balon-won ameriken an di yo kòmanse negosye avèk McBride pou l’ retounen nan yon klub nan lig la.

Tennis

Sèb Jelena Jankovic ak ameriken Venus Williams kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis Roland Garos la kap dewoule nan vil Paris. Letton Ernst Gulbis te oblije jwe 4 manch anva l’ elimine ameriken James Blake 7-6, 3-6, 7-5, 6-3.

Basketball

Boston Celtics ranpòte yon viktwa tou mens devan Detroit Pistons 106 a 102 pou l’ amelyore palmarès li nan seri 7 match faz final konferans de Lès la ki se 3 viktwa kont 2 defèt. Kevin Garnett make 33 pwen; Ray Allen ajoute 29 epi Kendrick Perkins vin kore viktwa Celtics la avèk 18 pwen kontribisyon. Detroit Pistons ap akeyi Boston Celtics demen Vandredi a pou 6 zièm rankont la. Aswè a, Los Angeles Lakers, kap domine seri a 7 match la avèk 3 viktwa kont 1 defèt ap rankontre San Antonio Spurs. San Antonio Spurs, ki se chanpyon an tit la, bezwen yon viktwa sinon lap elimine.

Antrenè San Antonio Spurs la, Gregg Popovich, konfime li pwolonje kontra l’ pou l’ kontinye dirije ekip la pou jouk sezon 2011 a 2012 la. Popovich, kap antrene Spurs depi Desanm 1996, te ede ekip la ranpòte 4 tit chanpyon an 1999,2003, 2005 e 2007. Msye gen yon palmarès 632 viktwa ak 302 defèt.

Lachin fè konnen li pap retransmèt pandan 3 jou match Asosyasyon Nasyonal Baskètbòl Ameriken an, NBA akòz 3 jou dèy otorite yo dekrete nan peyi a nan memwa viktim tranbleman’tè ki pran lavi plizyè dizèn milye kretyen vivan.

Atletisme

Kourè ameriken Justin Gatlin kòmanse yon “plaidoyer” pou l’ kapab patisipe nan je zolenpik Peken 2008 yo nan moman li gen yon suspansyon 4 tran pou uzaj substans entèdi an 2006. Gatlin deja sèvi mwatye nan suspansyon an; donk li mande Tribunal Spòtif arbitraj la nan vil Lausane, nan peyi La Suisse, pou l’ redui sanksyon an kap pèmèt li defann tit kous 100 mèt li te ranpòte nan je zolenpik Atèn 2004 yo.

Kourè Grèk Katerina Thanou, ki sòt sibi yon sanksyon 2 zan suspansyon apre li te rate yon tès dwòg avan dewoulman je zolenpik yo, espere patisipe nan kous 400 mèt relè feminen nan je zolenpik Peken yo.

XS
SM
MD
LG