Accessibility links

Breaking News

Prezidan Brezil la, Luis Inacio Da Silva, Pase Plizyè Akò Avèk Ayiti


Dirijan brezilyen an, ki rive 28 me 2008 la nan kapital ayisyen, fè chita pale mèkredi apre midi ak tokay ayisyen li, René Préval, nan Palè Nasyonal la nan vil Pòtoprens. Pandan vizit sa a, minis afè etranjè Brezil la, Celso Amorim, siyen an prezans prezidan Inacio Da Silva 6 akò avèk otorite ayisyen yo. Nan deklarasyon li fè bay laprès, lidè brezilyen an di peyi li an'n Ayiti pou ede amelyore kondisyon lavi pèp ayisyen an.

Fè yon klik sou ralonj ki anlè atik sa a pou plis presizyon avèk korespondan nou, Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG